08/07/2017
Nan koze radot Lame Tet Kale Bis (bobis) yo ap pale a
Pou w fè lame, ou bezwen sòlda, ou bezwen ofisye. Sa yo se moun yo. Yo disponib, yo anpil. Apre sa, ou bezwen inifòm, bòt, kepi, kas an fè. Ou bezwen kazèn. Depi w gen lajan pou sa, sa yo fasil. Se trap 2. Ou bezwen zam. Ki zam? Revolvè, Fizi, Mitrayèz, Grenad. Sa a se pou ti lame. Lans-Ròkèt, Misil, Bonm, e lòt gwo zam yo ankò. Mezi lajan w. Mezi lame w. Ou bezwen depo pou w sere zam yo. Sitou ou bezwen bal. Zam san minisyon pa zam. Ou pa konn fè zam. Se achte pou w achte yo nan peyi ki gen izin ki fabrike zam. Epi fò w gen lajan pou w achte yo. Se pa lajan wap mande prete.
Dapre sa m sonje, depi 1991, gen yon Anbago Nasyon Zini ki ofisyèlman dekrete pou okenn peyi pa vann Ayiti zam. An plis de sa, si pou Ayiti achte zam, fòk li jwenn otorizasyon ki soti nan Washington (Depatman Deta sitou) anvan li plase komand la. Hum! Youri Latortue te achte enpe nan kontrebann sou epok Gerrard Latorue te Premye Minis. Lamothe te achte nepe nan kontrebann (saa se yon kontrebandye profesyonel) le l te Premye Minsi Martelly, Mande ansyen DG PNH la Godson Aurelus sa k te manje rive l le mesye Woz Tet Kale yo te aranje pou l te al rankontre machann zam Izrayelyen anba chal pou achte zam pou yo sou non PNH.
Nan men ki peyi JoMo le blanchisseur pral kòmande zam pou l mete nan men Lame Woz ki anonse a? Ann konprann, lè direktè Homeland Security a John Kelly te vin rankontre ak JoMo le blanchisseur nan Pòtoprens, kòm pouvwa Pòtoprens la te vle fè kwè se sou TPS li te vin pale ak yo, Kelly te pran prekosyon di nan Miami Herald, mouche JoMo te pale ak li de entansyon l pou remobilize lame. Kelly te di, "mwen te fè l konprann, ak ti lajan Ayiti genyen kounye a, yon lame koute chè, pito l konsantre l pou ranfòse fòs Polis la".
Politisyen yo ki toujou ap di Ayiti te kreye pa yon lame, fòk li gen yon lame a. Map reponn yo jodia. wi se vre. Men se te yon lame ki te gen yon OBJEKTIF: Kaba Lesklavaj. Li te gen yon ENMI ki te klè pou tout sòlda, tout ofisye : LA FRANCE. Lame Patriyot e Nasyonal sa a te koumanse demobilize depi lè Boyer an 1823, te aksepte siyen dokiman swadizan pou La France rekonèt Endepandans Ayiti. Jou siyati dokiman sa a Boyer ak tout ofisyel yo te rele byen fo nan Pale Nasyonal: Vive le Roi de France, vive La Frane, Vive Ayiti. Nou we byen tet Leta a te rele anvan vive La France.
Lame anvan 1823 a te ankadre peyi a, pou peyi a te produi. Se pandan Ayiti te koumanse produi, ak lajan li voye vann Etazini ak lòt peyi ozalantou yo, zam, inifòm, bòt te konn achte ak lajan Ayiti produi. Se ak lajan Ayiti te konn fè nan plante ak nan elvaj, kès Leta a te ka finanse Konstriksyon Sitadel la ak 29 lòt Fò militè, ki pou la plipa an ruin sou tout peyi a. Yo tounen moniman istorik ke yo pa menm itilize pou eksplike istwa peyi a bay timoun lekol, bay jenes la.
Ekip Tèt Kale a, piye 2.9 milya dola lajan Petro Caribe. Li pa ase pou li. La a nan figi tout moun anndan peyi a yo ekspoze lajan Petro Caribe a yo vòlè. Ak konplisite enmi istorik pèp Ayisyen an, yo enstale kòm prezidan JoMo le blanchisseur, ki gen plis eksperyans nan blanchi lajan sal pou moun olye li ta yon antreprenè vre jan yo vle fè sa pase a. Pa gen prodiksyon. Kelkeswa sa w tande, Karavan se preteks pou sifone kès Leta ak ti rezèv ki te gen ladan l.
Kòm Tèt Kale se yon avata MAKOUT, kidonk, pale de remobilize Lame, gen menm valè ak Pale Timoun de Chaloska, ki vle di yap remobilize yon enstitisyon vyolans Deta kom enstriman laperez kont yon sèl lenmi Lame Dayiti te toujou genyen depi 1934: Pèp Ayisyen an. Paske ak Lame a, ni Boujwazi Salòp la, ni Leta ki vin tyoul li a, gen zouti pou yo kontinye mennen grenn demach yo konnen an: sevi kom koutye ak pot dantre pou Remete Ayiti anba piyaj, Y menm tya touche ti komisyon yo pou yo ka viv anndan 4 gwo miray lakaou lakay yo ki gani ak tout sa ki nomal pou moun viv. Zafe sak nan mize, Naje pou soti. Si ap toujou gen soti. Prohe Lame sa a se projè NEO-KOLONYAL la ki ap vanse. Men yo salòp tout bon. Le w mobilize yon Lame pou l vin sevi yon koz ki diferan de koz PATRI ou NASYON. Wap prepare pou prochen deflagrasyon sosal a pi grav.