NÈG DUBAÏ la

NÈG DUBAÏ la Page officielle « Nèg Dubaï la » (Eber KERNIZAN)

03/22/2026
03/21/2026

Mwen konnen w pare deja, eske w konnen chak ekip gentan chwazi ekipman pa yo deja? Nou bel epi nou santi bon. Let's go!!!!!!

01/05/2026

Yon ti vizit nan Meyer 5em seksyon komin GG

_*VIMOSSHA*_KOUP HARRY CLINTON📍Grand-Goâve, Ouest, Haiti 📍*ANONS LANSMAN AK OUVÈTI ENSKRIPSYON POU EKIP KI VLE PATISIPE ...
01/03/2025

_*VIMOSSHA*_

KOUP HARRY CLINTON

📍Grand-Goâve, Ouest, Haiti 📍

*ANONS LANSMAN AK OUVÈTI ENSKRIPSYON POU EKIP KI VLE PATISIPE YO*

_Vin viv pasyon foutbòl avèk nou_

04/19/2024

Proverbes 29:2 dans la Bible

: "Quand les justes deviennent nombreux, le peuple est dans la joie; Quand le méchant domine, le peuple gémit."

04/13/2024

Nòt Remèsiman
Frè n ak sè n ki nan Grangwav, Leyogàn, Tigwav ak zòn ki sou kote yo.
Se ak yon kè kontan nou ekri w pou n remèsye nou tout ki te fè deplasman vin
bay jarèt ak mouvman sila a ki se kanpe dèyè lidè nou.
Nan kafou nou rive la a, se nou ak desten nou k ap detèmine sak ap rive pi
devan, se pa ni je wouj ni je vèt k ap vin montre nou chemen. Depi lontan nou se yon
pèp ki fò, ann kontinye montre fòs nou. Chwa sa ou te fè a montre ke ou konn sak
bon, ou ta renmen peyi a ale nan bon direksyon. Egzanp jodi a kote nou sot aklame
ak pwoklame lidè karismatik la Guy Philippe pou l dirije tranzisyon an montre
ankò yon lòt fwa ke nou se yon pèp ini. Ann kontinye trase egzanp devan je lemond
antye. Ann kontinye voye mesaj ba yo pou yo kopere ak nou, pou n gen bon jan
relasyon diplomatik ak komèsyal ak yo men n ap di yo « PINGA » nan foure bouch
nan zafè ki regade pitit lejitim peyi a. Kite pitit peyi a deside sou direksyon yap pran
kap bon pou majorite a.
Tout ekip la te kontan wè jan ou te enplike ak devwe pou te voye sinyal sa bay
entènasyonal la ak CARICOM an patikilye. San ou jodi a, mouvman an t ap san
jarèt. Nou gade sa gwo e nou swete van chanjman nou tout ap tann nan rive vit e
soufle sou ou.
Mèsi paske ou rete fidèl ak pozisyon ou, mèsi paske ou pa janm febli malgre tout
kondisyon ki kreye pou sa. Ann kontinye avanse nan tèt kole pou n simonte tout
defi ki prezante devan nou.
Mèsi pa sifi !
Viv yon Ayiti Souvren!
Viv Guy Philippe!
Viv tout Ayisyen konsekan!
{Staff Nèg Dubai la}.

04/08/2024

Envitasyon

Bonjou / Bonswa frèm ak sèm.
Jounen jodi a nou koube nou byen ba pou nou salye ou. Nou pwofite moman sa a pou nou fon ti pale sou konjonkti peyi cheri nou an.
Tout moun konnen byen, apre lanmò defen prezidan nou, se yon veritab goumen ki genyen pou jere kesyon pouvwa a. anpil moun pran pòz yo renmen nou epi se lajan yap fè sou non nou. Pandan ke gen anpil lòt frè nou ak sè nou ki gen kapasite ak volonte ki te kapab sèvi peyi a, moun sa yo mete yo sou kote oubyen kreye kondisyon pou yo rete lwen.
Peyi a ap viv yon moman difisil kote tout pitit li ki konsekan konnen se sèl yon pote kole nan nivo lokal ki ka retire nou kote nou ye a. Lòt nasyon pap pwopoze nou anyen ki nan enterè nou. Pou sa, nou vle fè yon apèl ak tout ayisyen ki pa deside vann nanm nou pou n pote kole pou n reklame pitit peyi a pou dirije nou.
Pou sa n ap ba ou randevou sou plas piblik Grangwav la jou kap vandredi 12 Avril 2024 la pou n al voye yon mesaj kle bay kominote entènasyonal la pou n di non ak enjerans. Nou pral rele viv Guy Philippe, yon pitit konsekan ke nou wè nan li yon vrè lide patriyòt ki gen gwo vizyon pou yon demen miyò.
Nou nan yon kriz ki malouk, solisyon an paka soti lòt kote ke anndan peyi nou e nou tout konnen peyi a son peyi ki granmoun tèt li. Lè ou granmoun lakay ou epi gon pwoblèm ki prezante, ou twouse kanson ou nan tay ou pou pote solisyon. Ou pa dwe kite ni vwazen ni moun kap pase deside sou lakay ou. Sitou si ou gen vwazen ògeye ak jalou, sa k ap bon pou yo a se li yap egzije ou pandan ke ou menm ou dèyè yon solisyon yo menm yo ka anpire l nan menw.
Pèp ayisyen, je nou kale, nou pap pran zannana pou Sizàn. An nou pran desten nou an men. Ann kreye bon jan kondisyon pou nou viv tankou moun. An nou mete tèt nou ansanm pou n jere lakay nou. Se tras sa Zansèt yo te kite pou nou swiv…
Viv yon Ayiti Souvren!
Viv Guy Philippe!
Viv tout Ayisyen konsekan!

Address

West Palm Beach, FL

Telephone

+15619459044

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when NÈG DUBAÏ la posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Organization

Send a message to NÈG DUBAÏ la:

Share

Category