Anold Consulting & Coaching

Anold Consulting & Coaching Anold Consulting & Coaching est un réseau d'expertise qui propose des solutions aux defis de la Société pour le développement et le bien-etre de tous.

Nous voulons avoir un impact sur la vie des gens en stimulant les activités génératrices de revenus et en donnant aux gens les moyens de devenir des acteurs du changement.

03/08/2024

Haiti pou kont li. Anplis yo kont li; men li telman dezespere, li panse li gen zanmi.

02/08/2024

Mouvman kap fèt atè nan lari a se fin koupe souf moun ki déjà viktim déjà yo. E sèl rezilta sa ap bay se kontribye nan fè bouwo yo vin pi fò, pi pwisan, pi rich. Nou vandalize ONA, OAVCT, pòs polis, piye biznis, koute poto elektrik, boule byen ti malere ke sistèm nan deja prije menm jan ak nou. Kidonk nap detwi pwòp tèt nou. Chanjman Haiti pap sòti atè nan lari a—nan manifestasyon, peyi lòk, ak barikad.

Nou bezwen moun ki dwat, kapab, e ki ka reflechi pou pote epi ekzekite bon plan developman nan tèt tout enstitisyon nan peyi a. Nap bezwen anpil zam ki nan men moun ki dwat, nap bezwen anpil lajan ak envestiman etranje, nap bezwen patriyòt lòbiyis kap defann entèrè Haiti anvan tout bagay, tout kote e nan tout okazyon. Nou bezwen moun ki konn li. Epi tout moun blan kou nwa ki pa ale nan sans entèrè Haiti, prizon, ekzil oubyen simityè pou yo. Ann konstitiye mas kritik sa a pito pou yon solisyon dirab. Sinon, nap jwe menm fim nan e chak ane bilan yo ap pi negatif pou peyi a.

Eneji pozitif pou ou jodi a: Se pou ou rekolte tout efò wap fè, se pou chak bon grenn ou simen miltipliye par 100.
01/21/2023

Eneji pozitif pou ou jodi a:

Se pou ou rekolte tout efò wap fè, se pou chak bon grenn ou simen miltipliye par 100.

12/23/2022

2023 ap pote sa ou deside pou viw'

09/15/2022

Revolisyon ak batay nap mennen an dwe chanje lavi nou. Sinon se ak tet nou nap goumen.

09/13/2022

Revolisyon komanse nan tet. Li pa dwe yon bagay izole. Sinon, nap tounen nan menm ti bagay la nan kek mwa anko.

08/22/2022

Se dwa nou pou manifeste men eske jan nou fel la bon? Ann gade ansanm.

Men pi bon wout pou kreye Riches: Reponn ak bezwen lot moun
08/16/2022

Men pi bon wout pou kreye Riches: Reponn ak bezwen lot moun

Kotew plase jwe yon gwo wòl nan reyisit ou. Ann konsidere 2 chif sa yo: 6 ak 9. Gen kote w ye, moun wè 6 poutan gen lòt ...
08/03/2022

Kotew plase jwe yon gwo wòl nan reyisit ou. Ann konsidere 2 chif sa yo: 6 ak 9. Gen kote w ye, moun wè 6 poutan gen lòt kote, yo wè 9. Menm chema a, sèlman pozisyon an ki chanje. Gen kote ou jwenn plis valè ke yon lòt. Bouje e plase w kote yo valorize w.

08/02/2022

Benefis se motè tout biznis. Jou pa gen pwofi, pa gen biznis. Ann gade ansanm koman nou ka toujou fe benefis.

07/28/2022

Tout Haitien dwe Gade Video sa.

Boule Kawoutchou polye anviwònman an epi bay gwo maladi.Aprè anpil rechèch syantifik, Genyen Sant Entènasyonal Rechèch k...
07/22/2022

Boule Kawoutchou polye anviwònman an epi bay gwo maladi.

Aprè anpil rechèch syantifik, Genyen Sant Entènasyonal Rechèch kont Kansè (CIRC) ki se yon ajans Oganizasyon Mondyal Sante nan nasyon zini ki klase Prodiksyon Kawoutchou nan kategori Kanserijèn: sa vle se yon pwodwi ki ka bay moun kansè siw ekspoze ak li pandan lontan paske li genyen anpil konsantrasyon pwodi chimik.
Lèw boule kawoutchou a menm, konsekans yo vin pi grav. Lafimen ak sann kawoutchou ki pwopaje nan lè a libere anpil pwodwi chimik tankou Monoksid Kabòn (CO), Oksid SouF (SOx) epi Oksid Azòt (NOx) ak kek lòt konpoze òganik ki volatil. Men yon ekzanp, Monoksid Kabòn (CO) se yon gaz mòtèl ki kapab toufe yon moun nan kèk minit selon kantite ou ekpoze ak li a. Lew respire l an kantite li al poze sou globil wouj yo epi anpeche oksijèn sikile nan tout òganis lan. E depi kò a pa jwen ase oksijèn, li vin an difikilte sa ki ka yon moun fè vwèl pou peyi san chapo.

Daprè kèk rechèch ak eksperimantasyon tou, lafimen ak sann kawoutchou bay gwo maladi tankou kansè poumon, kansè po, iritasyon zye ak po, twoub respiratwa, ak kansè san. Men tou, sa afekte Sistèm Nève Santral nou e bay sentòm tankou gwo tèt fè mal, ajitasyon, ak tèt vire.
Ou pa wè lèw ekspoze ak lafimen epi sann Kawoutchou nan laria, Lèw krache: ou pa wè yon pakèt bagay nwa ladan l? lèw lave menw ak braw, ou pa wè kòman dlo a nwa e sal? Kounye a ou konprann danje ki genyen le yon moun ekspoze ak sa ?

Men Kèk Konsèy pou ede kont ekspozisyon ak lafimen e sann Kawoutchou :
•Kouvri tout kò nou ak rad tankou pantalon, chemiz oubyen mayo manch long pou pwoteje po w.
•Mete kach nen pou evite rale plis lè ki polye nan lari a.
•Pa rete kote kawoutchou ap boule ni bò kote sann yo.
•Pran anpil sitron. se yon fri ki redwi ris kansè, ki amelyore aparèy dijestif ou epi konbat maladi kè.
•Benyen epi byen savonnen ko w lèw rantre epi mete lòt rad.

Men pi bon solisyon an se pa boule kawoutchou ak Fatra ditou.

Jean Anold Jules
Anoldconsulting&coaching

Address

Fort Myers, FL
33913

Opening Hours

Monday 9am - 5pm
Tuesday 9am - 5pm
Wednesday 9am - 5pm
Thursday 9am - 5pm
Friday 9am - 5pm
Saturday 9am - 5pm

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Anold Consulting & Coaching posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Organization

Send a message to Anold Consulting & Coaching:

Share

Category