09/10/2019
8 Oktòb 1820 – 8 Oktòb 2019
Onè respè pou
Henry Christophe
Jodia se 8 oktòb 2019. Sa fè 199 ane depi Wa Henry Christophe te touye tèt li anfas yon revòlt entèn ak yon konplo ki te vize detwi Wayòm Ayiti a.
Henry Christophe se youn nan dirijan ayisyen ki te gen pi gwo vizyon pou devlopman, modènite ak pwosperite an Ayiti. Òganizasyon ak tras materyèl li kite yo se temwayaj ki pi enpòtan nou genyen sou dimansyon kokenn revolisyon 1804 la. Ant 1806 ak 1820, gouvènman Henry Christophe la konstwi vil Milo, Konplèks San Sousi, Sitadèl Henry epi li rekonstwi vil Kap Ayisyen.
Men Henry Christophe se pat sèlman yon chèf militè ak yon dirijan san parèy ki pat janm fè bak nan defann konviksyon li pou souverènte Ayiti. Se te yon imanis ki kwè nan edikasyon ak pwosperite pou tout moun. Se sak fè li te mezire aksyon li nan fè lagè, li te devlope bèl estrateji epi li te travay san pran souf pou rekonstwi peyi a.
Jodia, 8 oktòb 2019, Ayiti nan labou. Nou gen yon seri dirijan san vizyon, men sitou san konviksyon. Sou plan moral, nou nan yon sitiyasyon ki raple nou lawont esklavaj nan koloni Sendomeng anvan revòlt jeneral esklav yo nan ane 1989. Nou tankou yon bann zonbi yon simityè. Trèt, medyòk, opòtinis ak apatrid ap mache sou nou. Yo ap pilonnen diyite nou.
Men, lavi Henry Christophe raple nou gen lespwa. Christophe se te yon esklav, yon kuizinye ak anpil talan. Li antre nan pwojè kolektif revòlt jeneral esklav yo epi li tounen youn nan pi gwo dirijan nan listwa limanite. Lavi Henry Christophe gen yon valè inivèsèl eksepsyonèl. Se avèk lanmò Christophe, malè pèp ayisyen an rekòmanse.
Men listwa poko fini. Pèp ayisyen an gen resous nan kilti li, nan kolè li ak nan kreyativite li pou li kontinye revolisyon 1804 la. Bat chen an, tann mèt li.
Mwen pataje ak nou 2 sitasyon Henry Christophe ki sòti nan yon lèt li ekri yon abolisyonis anglè ki rele Thomas Clarkson. Lèt sa te fèt 18 novanm 1816. Mwen envite nou li tout lèt la ansanm ak yon deklarasyon Christophe pibliye jou ki