Les Jeunes Revolutionnaire Haitiens Ljrh

Les Jeunes Revolutionnaire Haitiens Ljrh L'UNION FAIT LA FORCE, LA DEVISE HAÏTIENNE Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout zansèt yo.
(1)

I
Pou Ayiti
Peyi Zansèt yo
Se pou n mache
Men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou. II
Pou Ayiti
Onon Zansèt yo
Sepou n sekle
Se pou n plante
Se nan tè tout fòs nou chita
Se li k ba nou manje
Ann bite tè, ann voye wou
Ak kè kontan, fòk tè a bay
Sekle, wouze, fanm kou gason
Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou. III
Pou Ayiti
Ak pou Zansèt yo
Fò nou kapab
Vanyan ga

son
Moun pa fèt pou ret ak moun
Se sa k fè tout manman ak tout papa
Dwe pou voye timoun lekòl
Pou yo aprann, pou yo konnen
Si Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon
Te fè pou wet Ayisyen anba kòd blan. IV
Pou Ayiti
Onon Zansèt yo
Ann leve tèt
Nou gad anlè
Pou tout moun mande Granmèt la
Pou l ba nou pwoteksyon
Pou move zanj pa detounen n
Pou ka mache nan bon chimen
Pou libète ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi a! V
Nou gen drapo
Tankou tout pèp
Se pou n renmen l
Mouri pou li
Se pa kado blan te fè nou
Se san Zansèt nou yo ki te koule
Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou n travay met tèt ansanm
Pou lòt peyi ka respekte l
Drap sila a se nanm tout Ayisyen.

Adresse

Ville De Port-au-Prince
HT509

Produits

Politique

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Les Jeunes Revolutionnaire Haitiens Ljrh publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Les Jeunes Revolutionnaire Haitiens Ljrh:

Partager