04/09/2026
KOMINIKE POU LAPRÈS
Ane akademik 2026-2027 : Gouvènman an kanpe bò kote elèv yo ak fanmi ayisyen yo
Pòtoprens, 4 septanm 2026.- Pandan ane lekòl 2026-2027 la ap pwoche, Gouvènman Repiblik la, sou direksyon Premye Minis, Ekselans Alix Didier Fils-Aimé, renouvle angajmanl pou li pa kite okenn timoun ni okenn fanmi poukont yo devan difikilte ki asosye ak retou lekòl la.
Nan yon pwen pou laprès ki fèt vandredi 4 septanm sa a, Gouvènman an prezante yon seri mezi konkrè ki vize soulaje chay ekonomik paran yo, amelyore kondisyon aprantisaj elèv yo epi garanti yon rentrée lekòl ki pi an sekirite sou tout teritwa nasyonal la.
Atravè yon mobilizasyon ansanm ak Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST), Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), Fon Nasyonal pou Edikasyon (FNE), 130 000 paran timoun lekòl ak 30 000 fanmi ki pi vilnerab pral resevwa yon sipò finansye. Paske an Ayiti, okenn paran pa ta dwe oblije chwazi ant bay fanmi li manje ak voye pitit li lekòl, sipò sa a reprezante yon aksyon konkrè solidarite nasyonal.
An menm tan, Gouvènman an ap kontinye efò li yo pou bay timoun yo yon anviwònman lekòl ki pi diy e ki pi favorab pou reyisit yo : 52 lekòl nasyonal ak lise ap jwenn reparasyon, nouvo lekòl ap konstwi epi inogire, 8 000 ban lekòl ap distribye, epi gen sipò k ap bay, kantin nan lekòl yo ansanm ak lòt mezi an favè kominote edikatif la.
Sekirite ak pwoteksyon elèv yo rete yon priyorite. 10 750 polisye nan Polis Nasyonal Dayiti (PNH) mobilize nan kad yon dispozitif espesyal pou akonpaye rentrée lekòl la epi ranfòse sekirite pandan tout ane akademik la. An paralèl, entèvansyon Ministè Travo Piblik yo ap kontinye pou amelyore sikilasyon, diminye risk ki gen rapò ak move tan epi pwoteje popilasyon an pi byen.
Atravè aksyon sa yo, Gouvènman an vle voye yon mesaj klè bay timoun Ayiti yo, paran yo ak tout kominote edikatif la : lekòl la rete yon espas lespwa, diyite ak avni pou jènès la.
Nan okazyon rentrée lekòl 2026-2027 la, Gouvènman Repiblik la renouvle angajman li pou l kanpe bò kote fanmi ayisyen yo epi, malgre defi yo, kreye kondisyon pou yon ane akademik ki pi aksesib, pi enklizif, pi an sekirite epi ki pote plis lespwa pou jèn Ayiti yo.
-FIN-