26/04/2026
Avèk kat sa yo ak grafik sa a, mwen te vle pote yon lòt jan pou nou gade kestyon elektrisite an Ayiti. Se pa sèlman yon kestyon bon solèy, men se kestyon konnen ki kote enèji solè a ka pi itil pou lavi moun chak jou.
Nan yon peyi kote anpil moun poko gen bon aksè ak elektrisite, epi kote pwodiksyon kouran an depann anpil sou dyezèl ak lwil lou, solèy la ka tounen yon sipò enpòtan.
Analiz la montre Sant, Latibonit ak Lwès se pami depatman ki parèt pi favorab pou fotovoltayik. Sa ka ede alimante lekòl, sant sante, sistèm dlo ak lòt sèvis esansyèl, sitou nan zòn ki pi mal sèvi yo.
Crédit: Nickson Charles