30/07/2026
📢 SOLINO : TWA (3) JOU SANSIBILIZASYON!!!
Nan kad angajman Meri Pòtoprens pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an ak pwoteje sante piblik, Sèvis Pwoteksyon Sivil Kominal Pòtoprens la te patisipe aktivman nan yon kanpay sansibilizasyon pandan twa (3) jou nan tout 27 blòk katye Solino.
Objektif aktivite sa a se te enfòme ak prepare popilasyon an sou gwo operasyon deratizasyon, dezensektizasyon ak fumigasyon ki pral fèt nan katye a pou konbat pwopagasyon rat, moustik, ravèt ak lòt ensèk nuizib ki reprezante yon gwo menas pou sante kominote a.
Pandan twa jou sa yo, ekip yo te rankontre ak rezidan yo, distribye enfòmasyon enpòtan epi eksplike mezi sekirite tout moun dwe respekte pandan entèvansyon yo. Yo te ankouraje sitwayen yo pou kolabore ak ekip teknik yo pou operasyon an kapab dewoule nan pi bon kondisyon.
Kanpay sa a fè pati efò otorite yo pou:
✅ Amelyore ijyèn ak salubrite nan katye Solino;
✅ Diminye risk maladi ki lye ak ensèk ak wonjè;
✅ Pwoteje anviwònman an ak sante popilasyon an;
✅ Ankouraje patisipasyon sitwayen yo nan aksyon k ap amelyore kalite lavi nan kominote a.
Sèvis Pwoteksyon Sivil Kominal Pòtoprens salye kolaborasyon tout sitwayen Solino yo epi envite tout moun kontinye respekte konsiy ekip teknik yo pandan operasyon yo.
Ansanm, ann bati yon Solino ki pi pwòp, pi an sante, epi pi an sekirite pou tout moun.
Salubrité Prévention GestionDesRisques EngagementCommunautaire