18/02/2021
Ayiti gen pwoblèm, ayiti enstab pou moman, koz 7 fevriye ki sot pase la, se dat pou yon gwoup moun Jovenel ta sipoze kite pouvwa.
Pou Jovenel, dat li poko rive, li apèn sou 4 an.
Depi Jovenel rive sou pouvwa, jis rive jodi a, peyi dayiti tèt anba, anpil byen leta kou prive pase anba dife...
Ayisyen prive de kouran elektrik, dlo trete, gaz, manje, edikasyon. Se sou gouvènman moun vin tounen machandiz, epi biznis sa vin legalize, moun mouri pa pil ak pakèt...
Jovenel aji an jan lespri, opozisyon an se jan sòt, Jovenel aji an diktati, anpil nèg sèvo tonbe, anpil nèg san sèvo pran grad, se sou pouvwa Jovenel la ayiti gen plis zam ilegal, zam sa yo sèvi pou pwoteje nèg ki gen lajan yo, detui pitit pèp la, jere zak kidnapin nan peyi a.
Jovenel ta sanble pa gen manman ak papa, paske l finansye twòp bandi pou simen latwoublay nan peyi a, li kreye yon pakèt kò ame pou anpeche pèp la fonksyone, se sou pouvwa Jovenel la, lekòl fèmen annayiti.
Pèp la paka manje, yo pa nan travay, yo nan fè nwa, timoun yo pa ka ale lekòl, menm dlo, pèp la pa jwenn ni pou bwè, ni pou travay, lavi chè ap taye banda, tandi Jovenel ap mennen yon vi liks...
Se tout dwa nou pou nou di nou bouke, fòk diktatè sa ale.
Men pou m byen di nou, Jovenel poko fè 5 an sou pouvwa, paske se pat dezyèm tou eleksyon an yo te fè an 2016 la, se anile yo te anile eleksyon 2015 yo, dezyèm tou pa konn fèt ak 30 moun, se ak 2 moun li fèt, manda Jovenel ap bout 7 fevriye 2022, men li fè pèp la soufri twòp, li pa gen kè moun, liste se yon djab kap viv pami moun, se yon bèt sovaj ki gen po moun, si Jovenel pa ka amelyore lavi pèp ayisyen an, li dwe kite pouvwa, paske pouvwa se pouvwa pèp la, se pa byen prive Jovenel li ye.
Opozisyon an pa gen diferans ak Jovenel, se menm yo menm nan, se yo kap simen latwoublaj andan peyi a, se yo ki machann zam yo, se yo ki chèf kidnapping yo, se menm kriminèl kap fè san pèp ayisyen yo koule, retire Jovenel, mete yo, pap gen chanjman...
Sistèm sa dwe kraze ak tout moun ki ladan...