25/06/2026
Mèsi Grenadye yo, n ap toujou alaso! 🇭🇹🇭🇹✨✨✨
Mèsi Grenadye yo, Ekip la te montre li te kapab jwe.
Malgre defèt la, anpil Ayisyen ka santi yon fyète lejitim apre pèfòmans ekip nasyonal la devan Mawòk. Nou pa t ap fè fas ak nenpòt ekip. Se te yon seleksyon ki te rive nan demi-final dènye Koup di Mond lan, yon ekip ki gen jwè tankou Achraf Hakimi, Brahim Dias ak Sofyan Amrabat, non ki make gwo sèn foutbòl entènasyonal la pandan plizyè ane.
Nan kontèks sa a, Ayiti pa t wont. Okontrè, Grenadye yo te montre karaktè, kouraj ak kapasite pou fè konpetisyon nan pi wo nivo a.
Nou salye chak jwè ki te monte sou teren an pou defann koulè nasyonal yo. Yon remèsiman espesyal pou sila yo ki rive fè diferans lan sou plan ofansif la, espesyalman Isidor ak Lenny, ki fè pèp ayisyen an leve kanpe ak eksplozyon jwa nan chak gòl yo make.
Nou voye chapo ba tout jwè ki te mouye mayo ble ak wouj la ak fyète ak diyite. E pou sila yo ki pa t jwenn chans antre nan jwèt la, respè pou nou tou. Nou te disponib pou ekip la, e nou kwè tan nou ap rive pandan ekip sa a ap kontinye grandi.
Men, ansanm ak fyète a, fòk nou gen kouraj pou nou fè analiz la avèk onètete.
Twò souvan nou renmen blame abit yo lè rezilta a pa ale an favè nou. Se vre, pafwa desizyon yo pa toujou favorab. Men anpil fwa tou, se pwòp erè nou ki koute nou chè. Nan foutbòl modèn lan, pa gen pitye. Nenpòt segond neglijans ka chanje sò yon match.
Egalizasyon Mawòk yo pa t nesesèman inevitab. Nou te ka jere moman sa yo pi byen. Katriyèm gòl la, espesyalman, soti nan yon erè konsantrasyon. Règ la klè: balon an dwe soti nèt pou jwèt la sispann. Lè yon defansè pa sèten boul la fin franchi liy lan, premye refleks la dwe sekirize sitiyasyon an oubyen mete boul la deyò ak volonte . Nan nivo sa a, yon ti milimèt ka fè tout diferans lan.
Men sa pa retire anyen nan merit ekip la.
Jodi a, plis pase tout tan, pèp ayisyen an kanpe dèyè Grenadye li yo. Nou renmen nou. Nou fyè de nou. Nou remèsye nou paske nou fè drapo ayisyen an flote devan lemonn e nou pèmèt yon jenerasyon antye viv yon evènman li te konn sèlman tande rakonte nan istwa ak nan bouch granmoun yo.
Ayiti se yon pèp ki konn tonbe, men ki toujou jwenn fòs pou leve ankò.
Nou se wozo. Nou pliye, men nou pa kase.
Nou pral leve ankò, e nou pral leve pi fò.
Lanmou pou Grenadye yo. Lanmou pou Ayiti.
🔆 Limyè sou lavi.
💫 Espwa pou demen.
🇭🇹 Ayiti yon jou, Ayiti toujou.
Foto : Kwenly Gp Joram
Redaksyon : Sylvio Michel
Tout dwa pou : PajAyiti
Ministère du Tourisme d’Haïti Ministère de la Culture et de la Communication Haïti Asosiyasyon Kiltirèl Hayti Rasanble Haitian culture is cool FHF - Fédération Haïtienne De Football TELEVISION NATIONALE D'HAITI TNH Concacaf FIFA World Cup