01/02/2024
RASANBLEMAN JOVENELIS YO POU DEMOKRASI (RJD?
Nòt pou laprès
Depi kèk tan Rasanbleman jovenelis yo pou Demokrasi (RJD), ki sèmante pou Prezidan Jovenel Moïse jwenn jistis, konstate enstriksyon sou asasinay Prezidan an tounen maskarad. Prezime asasen yo ki nan pouvwa politik ak sa ki nan sektè ekonomik makonnen ansanm pou kase fèy kouvri sa, nan enstrimantalize pouvwa jidisyè a. Yo monte yon tranzisyon sanginè ki fè lavi pèp ayisyen tounen lanfè.
Chèf gouvènman poutchis la, mouche Ariel Henry se yonn nan benefisyè e sispèk nan lanmò Prezidan an dapre rapò Direksyon Santral Polis jidisyè ki gen tinon jwèt DCPJ. Enstitisyon sa a fè konnen avan krim nan Ariel Henry te pale ak sèvo prezime operasyon kriminèl la Felix Badio. Li pale ak li pandan krim nan ap fèt enpi apre krim nan fin fèt. E lè sa a Badio sanble te kay Prezidan an. Se poutèt sa lajistis te mande enkilpe Ariel Henry enpi mete entèdiksyon pou li kite peyi a.
Ak sipò oligak kowonpi ki te sèmante pou depafini Prezidan Jovenel Moïse, Ariel Henry ak komisè gouvènman Pòtoprens Edler Guillaume monte yon operasyon entoksikasyon opinyon piblik la pou eseye fè kwè si se pa Prezidan ki touye tèt li konn se patizan li yo ki touye l. Sa moutre nou klè prezime asasen yo mete babkoukèt nan bouch lajistis, vyole endepandans li. Pap ka gen jistis pou Jovenel Moïse ak Ariel Henry sou pouvwa.
Apre plis pase trant mwa depi tranzisyon sanginè sa a enstale nan tèt peyi a, nou deja konte plis pase 12026 mò anba bal, 10000 kidnaping ak 375000 deplase, san konte fanm ak tifi vyole. Li lè li tan pou rèy asasen yo fini.
Se poutèt sa Rasanbleman jovenelis yo pou demokrasi (RJD) ap kontinye apiye tout mouvman revandikasyon pèp la pou yon chanjman radikal nan peyi a.
Tout moun ki sanble, rasanble. Tout òganizasyon ak estrikti politik ki sanble, rasanble. Nou ka fè l n ap fè l.
Pa gen wout pa bwa, lòt Ayiti a ap rive tout bon!
Rénald Lubérice
Rasanbleman Jovenelis yo pou Demokrasi (RJD)