ITIYAyiti

ITIYAyiti AYITI OTONÒM DEFINISYON KÒTAKÒT

Atik 2: KÒTAKÒT vle di: Konbit Òganize Toupatou pou Ayiti Kanpe epi Òne Tèritwa. POU PLIS DETAY, VIZITE WWW.KOTAKOT.VOTE

ESTATI PATI POLITIK KÒTAKÒT

CHAPIT I:

KREYASYON KÒTAKÒT

Atik 1: Pati politik KÒTAKÒT kreye 12 janvye 2022 daprè dispozisyon lwa 16 janvye
2014 la, sou konstitisyon, operasyon ak finansman pati ak gwoupman politik yo. IDEYOLOJI KÒTAKÒT

Atik 3: Pati politik ki rele KÒTAKÒT la kwè nan ideyoloji "santris nasyonalis", epi li
atache nèt ak fòm repiblik Leta a, epi kontni demokratik li, nan respè libète piblik, endividyèl
ak kolektif nan kad politik, ekonomik ak demokrasi sosyal. SYÈJ SOSYAL KÒTAKÒT

Atik 4: Katye jeneral KÒTAKÒT sitiye nan Adrès: #27, Ri Dòmeyis, (antre Moleya)
Laplèn, lwès, Pòtoprens, Ayiti. Syèj sosyal prezidans KÒTAKÒT kapab transfere nenpòt lòt
kote sou tèritwa nasyonal la sou demann kongrè a. VIZYON KÒTAKÒT

Atik 5: Vizyon jeneral KÒTAKÒT se wè Ayiti otonòm, jenès ayisyen an jwenn bon jan
ankadreman pou devlope talan li, epi wè avni nouvèl jenerasyon an asire. MISYON JENERAL KÒTAKÒT

Atik 6: Misyon jeneral KÒTAKÒT rezime nan definisyon li ki se. Kotis* yo ap travay
atravè lespri “Konbit Òganize Toupatou pou Ayiti Kanpe epi Òne Tèritwa.”

MISYON JENERAL KÒTAKÒT

Atik 7: Misyon espesifik KÒTAKÒT se konsève idantite Ayiti antanke patrimwàn libète
nan respè kilti ak tradisyon, epi travay pou dwa fondamantal moun respekte, tankou: manje,
bwè, edikasyon, lojman, sante, sekirite, lwazi, ak tout lòt dwa tankou: travay, kominikasyon,
transpò, elatriye; jan deklarasyon inivèsèl dwa moun prevwa ak manman lwa peyi a. OBJEKTIF JENERAL KÒTAKÒT

Atik 8: KÒTAKÒT bay tèt li misyon pou li:
• Patisipe aktivman nan deba politik ak nan jesyon zafè piblik, nan prezante kandida pou
eleksyon lib epi demokratik;
• Pèmèt ayisyen alawonnbadè jwi dwa sivil, politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo, elatriye,
selon preskripsyon lwa Repiblik la
•Rasanble Ayisyen toupatou sou valè moral pou yon sosyete demokratik, otonòm epi
devlope totalman, kote chak sitwayen vin otonòm. OBJEKTIF ESPESIFIK KÒTAKÒT

Atik 9: KÒTAKÒT ap travay chak jou pou:
• Fè fòmasyon sou tematik ki ede retabli konfyans nan lidè politik ayisyen, tankou: lidèchip,
sivik, antreprenarya, kilti, jesyon konfli, enklizyon ak koyezyon sosyal, elatriye;
• Milite pou edikasyon fèt an kreyòl nan tout nivo lekòl Ayiti, pwoteksyon anviwònman, epi
kwape tout fòm inegalite sosyal;
• Pwomote yon Leta ki pa gen lòt bousòl pase lalwa, yon Leta ki chita sou bon gouvènans
ak respè souverènte pèp ayisyen. LOGO KÒTAKÒT

Atik 10: Logo pati politik KÒTAKÒT se: YON MEN DWAT K AP EKRI. Kòm lòt ti detay:
logo KÒTAKÒT gen kat Ayiti a ki pote koulè drapo a, sis (6) pèsonaj, yon ling orizontal, ak
yon palmis ki gen bonèt endepandans lan sou tèt li nan sans opoze pa rapò a sa ki nan palmis
ki sou drapo Repiblik la. Envèsyon an senbolize eta aktyèl peyi a ki malad, e ke nou bay tèt
nou misyon pou nou geri li. EKSPLIKASYON SOU ANBLÈM KÒTAKÒT:

Atik 11: Chak ti detay nan logo a ble di yon bagay:
• Men k ap ekri ak kreyon an senbolize edikasyon;
• Pèsonaj yo se senbòl enklizyon ak koyezyon sosyal;
• Timoun lan ak jèn yo senbolize relèv;
• Ling lan reprezante chemen devlòpman;
• Koulè wouj la reprezante kouray, motivasyon, viktwa;
• Ekriti blan fè nou wè lapè, jistès, vyèj;
• Palmis lan senbolize onè nou;
• Kat Ayiti-a reprezante fokis nou;
• Ayiti Otonòm se vizyon nou;
• KÒTAKÒT se konsèp filozofik nou. VALÈ KÒTAKÒT

Atik 12: Kotis (militan KÒTAKÒT) yo kiltive sis (6) gran valè yo batize: KEPVET.
1) Kreyativite
2) Ekite
3) Patriyotis
4) Volontarya
5) Entegrite
6) Transparans.

23/07/2026
A Call for Justice and Education: Reflections on the Assassination of Jovenel Moise and the Path to a Free Haiti. As a j...
06/05/2026

A Call for Justice and Education: Reflections on the Assassination of Jovenel Moise and the Path to a Free Haiti.

As a jurist and the president of the Haitian political party ITIYAyiti, I feel it is my responsibility to share my thoughts on the assassination of former President Jovenel Moise, especially concerning the ongoing trial in the Miami federal court. It is evident to everyone who the killers of Haiti’s president are. What troubles me most about this assassination isn’t just the demand for justice following President Moise’s murder, but the lingering deception that has persisted since October 17, 1806. There remains a belief that one class of people is oppressing another group of Black individuals simply because of the color of their skin.

Article 1 of the Universal Declaration of Human Rights clearly states that all individuals are equal before the law. Similarly, international law asserts that all states are equal. Furthermore, Article 44 of the Haitian penal code dictates that an accomplice to a crime should face the same punishment as the perpetrator. So, I ask: why is there a series of manipulations that allow delays in arresting, judging, and punishing all accomplices and intellectual authors of the crime against President Moise? This injustice may repeat itself unless the Haitian people—the descendants of enslaved people—stand up to put an end to such practices. But how can we stop it?

My reflections don’t end there. As the president of ITIYAyiti, I firmly believe that education is the first weapon we need to combat the oppression in our nation. However, who will wield this weapon on behalf of the disadvantaged masses who are hungry while the corrupt oligarchic class benefits from their ignorance? I find myself questioning whether there is even one Haitian willing to act as a rebel, a double, to expose the colonial system that governs Haiti. I continue to lament and wonder if there is a single slave descendant within the system who could assume the role of Jean Jacques Dessalines or Jovenel Moise, willing to sacrifice their life to prevent Haiti from enduring another 222 years of oppression in this modern era.

These 222 years of independence are sacred, and I believe they can shape history. Haiti cannot endure any more suffering; it must not fade away, and slavery in all its forms must be abolished. Education in our mother tongue is the most powerful tool for liberating Haiti and achieving autonomy. Remember the words of Dr. King: “Injustice anywhere is a threat to justice everywhere.” What happened to Jovenel Moise could happen to our children if we don’t take action today. Haiti is sovereign, we are independent, we are free, and we are all equal before the law. Let us come together to work towards a truly autonomous Haiti.

Wilsonn Telimo Lwi,
President of ITIYAyiti.

A Call for Justice and Education: Reflections on the Assassination of Jovenel Moise and the Path to a Free Haiti. As a jurist and the president of the Haitian political party ITIYAyiti, I feel it is my responsibility to share my thoughts on the assassination of former President Jovenel Moise, especi...

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+17866593961

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ITIYAyiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à ITIYAyiti:

Raccourcis

Partager