28/12/2025
Kont Randi sou Gran Rasanbleman UNDH – Samdi 27 Desanm 2025
Union Nationale des Démocrates Haïtiens (UNDH) te òganize, samdi 27 desanm 2025, yon gran rasanbleman politik ki make yon etap enpòtan nan dinamik mobilizasyon ak ranfòsman pati a sou plan nasyonal. Evènman sa a te rasanble militan, kad, senpatizan ak plizyè pèsonalite ki gen non nan sosyete a, nan yon anviwònman ki te chaje ak detèminasyon, responsablite ak espwa pou lavni peyi a.
Nan entèvansyon santral li a, Sekretè Jeneral UNDH la, ansyen majistra Petyonvil, Dominique Saint-Roc, te lanse yon apèl klè, fòtman politik, an favè linite fòs serye yo fas ak kriz miltidimansyonèl Ayiti ap travèse. Daprè li, peyi a rive nan yon pwen kritik kote diskou vid ak atitid pasif yo pa kapab ankò reponn ak anvègiti defi yo.
Lidè a te raple ke chanjman reyèl la pa ka fèt pa yon moun sèl, men li dwe sòti nan yon volonte kolektif, òganize ak konsyan. Li te souliye nesesite pou rasanble moun serye yo, menm si yo pa anpil, pou konstwi yon fòs politik solid, ki kapab aji avèk klate, disiplin ak sans responsabilite nan enterè demen miyò peyi a.
Sou plan estratejik, Sekretè Jeneral la te reafime pozisyon UNDH kòm yon pati santris, ki chwazi demokrasi kòm sèl chemen lejitim pou rive sou pouvwa a. Li te fè konnen ke pati a pare pou patisipe nan eleksyon, epi li rete angaje nan batay pou enstitisyon solid, transparans nan jesyon piblik la, ak respè souverènte popilè a.
Nan yon analiz kritik sou jesyon lokal la, Dominique Saint-Roc te raple ke depi anviwon sis (6) lane li pa nan tèt meri Petyonvil la ankò, vil la sibi yon regresyon vizib. Daprè li, absans vizyon ak lidèchip responsab transfòme espas piblik yo an depotwa fatra, sa ki afekte sikilasyon, diyite sitwayen yo, epi degrade imaj vil la. Referans sa a te sèvi pou ilistre konsekans dirèk move gouvènans sou lavi chak jou popilasyon an.
Gran rasanbleman sa a te tou yon demonstrasyon kapasite mobilizasyon UNDH, ki kontinye konstwi tèt li kòm yon altènativ kredib, ki refize vye konpwomi, epi ki chita aksyon politik li sou prensip, valè demokratik ak enterè siperyè nasyon an.
Pou tèmine, gran rasanbleman 27 desanm 2025 la konfime volonte UNDH pou jwe yon wòl santral nan rekonfigirasyon peyizaj politik ayisyen an. Nan yon kontèks kote dezòd, ensekirite ak defisi gouvènans fragilize konfyans sitwayen yo, mesaj Sekretè Jeneral la trase yon liy klè ant ansyen pratik yo ak yon nouvo fason pou fè politik.
UNDH ap lanse yon apèl responsab bay tout fòs viv nasyon an : lè pou rasanble rive, lè pou kite divizyon esteril yo dèyè, epi lè pou konstwi ansanm yon pwojè politik ki baze sou demokrasi, jistis sosyal ak devlopman dirab. Chanjman an posib, men li mande angajman, kouraj ak linite. UNDH di li pare pou pran responsabilite istorik sa a, ansanm ak pèp ayisyen an.
UNDH, fòs kap monte a
Yon lòt vizyon
Yon lòt apwòch
Yon lot fason fè