01/08/2026
ELEKSYON SE FÒS DEMOKRASI A, VOTE SE FÒS PÈP LA
Eleksyon se pi gwo zouti demokrasi. Se pa yon favè yo fè sitwayen an; se yon dwa fondamantal. Men, plis pase yon dwa, se yon devwa patriyotik chak sitwayen genyen anvè peyi li.
Jodi a, pandan Ayiti ap prepare pou antre nan yon nouvo etap nan lavi demokratik li, nou kwè moman an rive pou tout aktè yo mete enterè nasyon an anvan enterè pèsonèl oswa patizan. Pèp ayisyen an merite eleksyon ki fèt nan lapè, nan transparans, nan respè lalwa ak nan respè volonte popilè a.
Nou lanse yon apèl ak tout enstitisyon ki gen responsablite nan òganizasyon eleksyon yo pou yo jwe wòl yo avèk entegrite, netralite ak sans devwa, pou chak sitwayen kapab egzèse dwa li pou vote san presyon, san menas, san diskriminasyon, epi avèk garanti ke chak vòt ap respekte e ap konte.
Nou mande tou tout fòs politik yo pou yo fè kanpay yo nan respè youn pou lòt, san vyolans, san pwovokasyon, paske demokrasi pa bati sou rayisman, men sou dyalòg, tolerans ak konpetisyon ki chita sou lide ak pwojè.
Pou frè ak sè nou yo ki gen dwa vote, nou voye yon mesaj espesyal:
*ale verifye oswa anrejistre kat elektoral nou, prepare nou pou patisipe nan eleksyon yo.*
Pa kite lòt moun deside avni nou nan plas nou. Chak vòt gen valè. Chak sitwayen konte. Chak patisipasyon fè demokrasi a vin pi fò.
Lè nou vote, nou pa sèlman chwazi yon kandida; nou chwazi yon vizyon, yon direksyon ak yon avni pou kominote nou, pou pitit nou ak pou peyi nou. Se poutèt sa nou dwe pran desizyon nou ak konsyans, ak matirite, epi selon enterè kolektif la.
Mwen rete kwè ke pèp Chardonnières, Les Anglais ak Randel gen kapasite pou montre tout peyi a yon egzanp sivis, responsablite ak patisipasyon demokratik.
Ann fè eleksyon sa yo tounen yon viktwa pou demokrasi, yon viktwa pou lapè, epi yon viktwa pou pèp ayisyen an.
*Vote se vwa w. Vote se pouvwa w. Vote se avni w. Pwoteje vòt ou, itilize li avèk sajès, epi fè li sèvi pou chanjman ou vle wè a.*
Diemson BERIS
Candidat à la Députation de la circonscription Chardonnières – Les Anglais – Randel
🇭🇹 Ansanm, ann bati yon Ayiti ki pi jis, pi stab ak pi pwospè.
🇭🇹🗳️✊🏾