Lycée Joseph Charles Bernard de Marbial

Lycée Joseph Charles Bernard de Marbial Le Lycée Joseph Charles Bernard est une école secondaire publique située au grand quartier de Marbial

AVI ENPÒTAN POU TOUT PARAN YOMabyal, 6 septanm 2026OBJÈ : Enfòmasyon sou rantre lekòl la pou ane akademik 2026-2027 (Niv...
06/09/2026

AVI ENPÒTAN POU TOUT PARAN YO

Mabyal, 6 septanm 2026

OBJÈ : Enfòmasyon sou rantre lekòl la pou ane akademik 2026-2027 (Nivo fondamantal ak segondè)

Chè paran ak responsab yo,

Direksyon Lekòl Nasyonal Jozèf Chal Bèna ak Lise Jozèf Chal Bèna ap pwofite okazyon sa a pou salye nou ak anpil konsiderasyon nan okazyon rantre lekòl la.

Direksyon an ap enfòme tout kominote lekòl la, patikilyèman paran ki gen timoun ki frekante lekòl la, ke an rezon reparasyon ak ranfòsman k ap fèt nan batiman lekòl la (lekòl la nan chantye), tout sal klas yo poko fin pare pou kounye a.

Pou rezon sa a, nan dat lendi k ap 14 septanm 2026 k ap vini la, n ap kòmanse rantre lekòl la ak klas sa yo :

- 1ère ane pou rive nan 6ème AF
- 9ème AF
- Nouvo Segondè 3 (NS3)
- Nouvo Segondè 4 (NS4)

ATANSYON :
Seksiyon preskolè pa p ka reprann kounye a. Nan semèn k ap vini apre yo, n ap fè apèl avèk lòt klas yo pou n kapab kontinye ak tout klas yo nòmalman (tout lekòl la an jeneral).

Direksyon an ap remèsye nou deja pou konpreyansyon nou, pasyans nou ak kolaborasyon nou nan moman sa a.

Direksyon ENJCB / LJCB
(Responsab / Direksyon)

Adresse

Jacmel
HT9110

Téléphone

+50947373454

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lycée Joseph Charles Bernard de Marbial publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager