04/09/2019
"NOU PRAN NAN MERA"
- An 1994 lè ayisyen tap lage kò yo USA pou pwoblèm peyi, nou tap ri yo, di yo se " twalèt Chen yal ramase, koupe gazon, lave veso" intelektyèl yo tal fait.
Men kounya anbasad la diw ke w pa menm beswen vin mande Visa américain
- An 2004 lè ayisyen tap lage kò yo St Domingue pou pwoblèm peyi, nou tap ri yo, di yo "yal nan koupe kann"
Men kounye a se dòmi nap domi devan ambassade dominicaine nan pou w jwenn yon bout visa.
- An 2014 lè ayisyen tap vide Brazil pa pil pa pakèt, nou tap ri yo, nou tap di ke se stad yo Al bale, netwaye, aprè koup du monde lan Brazil pap bezwen yo anko.
Men kounya, après 5 ans, plen ayisyen ki toujou ap chèche lage yo brezil.
- An 2016-2017 lè tout ayisyen tap franchi Al chili, nou fè chante sou yo, danse rara, fè kanaval sou yo.
Men kounya anpil Moun ki te konn nan chante sou yo ap mande tèt yo poukisa yo Pat ale tou.
- toutan w rete, se toutan enkyetid ou ap ogmante
- toutan w rete, se toutan wap mande tèt ou sa w fè la?
- toutan w rete, se toutan wap wè kew te nan erè.
Toutan w rete plis, on dirait se toutan wap regret plis.
- pandan diplômé ap fè kenken nan tout peyi.
- pandan tout université ap gradué étudiant pa pil pa pakèt épi Di yo (bienvenue sur le marché du travail)
- SE ATÒ TOUT TRAVAY TONBE AP FÈ JÈN YO FÈ "lago kache"
Antouka:
-chanjman nou tout ap mande a.
- chanjman nou tout ap chèche a.
- chanjman nou tout swaf la, nou tout swete a
" PA PRE DITOU DITOU"
- Si w ka lage w, lage w.
- si w santi w gen ren pou w rete, rete.
- si w pa gen okenn chwa, debouye w, chèche pou w viv paske pa gen ni Moun, ni l'état, ni peyi kap panse pou ou.
Tankou zòt konn di:
"ZEN AN MELANJE, LI MELANJE"
Go follow me on Instagram :
https://www.instagram.com/lauture_myriam/