01/12/2022
Kabarè jou ki 30-11-2022
NÒT POU LA PRÈS
Masak nan Gran Chemen Sous Matla 9e seksyon komin Kabarè.
Nan lannwit madi 29 novanm nan lè 9 vè. Yon gwoup bandi ak gwo zam fann fwa pote boure sou abitan nan Gran Chemen Sous Matla 9è seksyon komin Kabarè. Yo boule plis pase 20 kay, masakre, touye epi boule plis pase 20 fanm ak gason. Nan moman difisil sa, komisyon minisipal enterimè Kabarè a voye kondoleyans li bay fanmi ak pwòch tout viktim zak san parèy sila, li senpatize ak sila yo ki pèdi kay yo ak tout sa ki ladan yo.
Yon lòt bò Meri a mande Polis la, Jistis la, pou yo fè tout sa yo konnen pou yo met men nan kòlèt tout gang malfektè kifè masak sila, fòk moun Sous Matla jwenn jistis.
Meri a mande chèf polis la, mouche Frantz Elbe voye je gade Kabarè ki anvayi ak gang nan ranfose komisarya Sant Vil la ak inite espesyalize nan mete machin ak lòt materyèl nesesè epi efikas pou polisye yo.
Komisyon minisipal enterimè a envite òganizasyon dwa moun pou vin ankete prese prese sou masak san parèy sila.
Meri ap ankouraje tout moun nan lòt seksyon ki nan alantou yo, pou fè solidarite ak tout fanmi Sous Matla k ap kouri kite kay yo pou bandi san manman, san fwa ni lwa sa yo, nan ede yo pase moman difisil sa.
Kabarè se Sous Matla, Sous Matla se kabarè.
Joseph Jeanson GUILLAUME
Mè titilè