Mairie Côte-de-fer

Mairie Côte-de-fer Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Mairie Côte-de-fer, Hôtel de Ville, Grand_ Rue # 120, Côtes De Fer.

C'est la page officielle de la mairie de Côtes-de-fer créee dans le but d'établir un canal de communication, d'information entre l'administration communale et la population.

FÈT PATRONAL NOTRE-DAME DE LA NATIVITÉ – MORNE-BLANC Jodi a, 5 septanm, ak demen, 6 septanm 2026, kominote Morne-Blanc, ...
05/09/2026

FÈT PATRONAL NOTRE-DAME DE LA NATIVITÉ – MORNE-BLANC

Jodi a, 5 septanm, ak demen, 6 septanm 2026, kominote Morne-Blanc, nan Premye Seksyon Kominal Côtes-de-Fer, ap selebre fèt patronal Notre-Dame de la Nativité.

Nan okazyon sa a, Mairie Côtes-de-Fer kontan envite tout popilasyon an, ansanm ak tout moun ki soti nan diferan lokalite nan komin nan, pou vin patisipe nan bèl moman sa yo ki chaje ak lafwa, fratènite, inite ak solidarite.

Morne-Blanc se yon lokalite ki gen yon plas enpòtan nan lavi kominote Côtes-de-Fer. Se la nou jwenn Legliz Notre-Dame de la Nativité, ki reprezante yon espas lafwa ak rasanbleman pou popilasyon an.

Morne-Blanc genyen tou yon teren foutbòl ki se youn nan espas ki pi enpòtan pou aktivite espòtif nan zòn nan. Sou teren sa a, ekip ki soti nan diferan kote nan komin Côtes-de-Fer konn reyini pou patisipe nan match ak chanpyona, sa ki fè espò tounen yon lòt mwayen pou rasanble jèn yo ak tout kominote a.

Anplis, École Nationale de Morne-Blanc jwe yon wòl enpòtan nan edikasyon ak fòmasyon timoun ak jèn nan lokalite a.

Se poutèt sa, fèt patronal sa a se pa sèlman yon moman pou selebre lafwa nou, men tou yon bèl okazyon pou mete an valè Morne-Blanc, jèn li yo, enstitisyon li yo ak lespri kominotè ki anime lokalite a.

Mairie Côtes-de-Fer remèsye tout moun ki deja patisipe nan aktivite yo epi envite tout popilasyon an pou kontinye vini selebre ansanm nan respè, lapè ak fratènite.

Bòn fèt patronal Notre-Dame de la Nativité pou tout kominote Morne-Blanc!

Vivan Morne-Blanc!
Vivan Côtes-de-Fer!
Vivan inite ak solidarite nan komin nou an!

Mwa dawout la prèske rive nan bout li. Nan okazyon fèt patronal Sainte-Rose-de-Lima, Patwònès Gris-Gris, Manm Konsèy Kom...
22/08/2026

Mwa dawout la prèske rive nan bout li. Nan okazyon fèt patronal Sainte-Rose-de-Lima, Patwònès Gris-Gris, Manm Konsèy Kominal Kòtdefè yo gen lonè pou voye yon gwo kout chapo bay tout popilasyon lokal la, ansanm ak frè ak sè nou yo ki nan dyaspora a, ak tout vizitè ki pral fè wout pou vin patisipe nan gwo selebrasyon sa a.

Se avèk anpil fyète ak kè kontan nou envite nou tout pou nou mete tèt ansanm nan Gris-Gris, 1ye Seksyon Kominal Kòtdefè, pou nou selebre ansanm fèt Sainte-Rose-de-Lima.

Gris-Gris se yon kominote kote lafwa nan Bondye, tradisyon ak valè moral pran yon plas enpòtan nan lavi popilasyon an. Se yon seksyon ki jwe tou yon wòl enpòtan nan domèn edikasyon, sitou gras ak Lycée Dulciné Jean-Louis, ki chita nan kè seksyon an e ki konte pami etablisman lekòl segondè ki gen bon repitasyon nan Sidès la. Se yon sous fyète pou tout kominote a, paske konesans ak edikasyon se youn nan pi gwo zouti ki kapab prepare jèn nou yo pou lavni.

Gris-Gris plase anba pwoteksyon Sainte-Rose-de-Lima, premye sen nan Amerik yo, ki soti Lima, nan peyi Perou. Selebrasyon sa a se yon gwo moman espirityèl pou kominote a, men li se tou yon okazyon pou nou mete devan valè kretyèn tankou charite, pyete, lafwa, esperans, solidarite ak lanmou pou pwochen.

Nan kad preparasyon pou fèt la, Mairie Kòtdefè ap mete aksan sou netwayaj ak reparasyon kèk tronson wout ki nan move kondisyon, yon fason pou fasilite deplasman moun ki pral fè vwayaj la, kit se an machin, an motosiklèt oswa a pye. Nou envite tout vizitè, tout pèlren ak tout patisipan yo pou yo viv festivite yo avèk respè, diyite, disiplin ak kè kontan.

Pi lwen pase dimansyon relijye li, fèt patronal la se yon gwo moman kiltirèl ak sosyal. Se yon okazyon kote nou pataje bon manje ak zanmi ak fanmi ki soti byen lwen, kote mizik ak dans mete lajwa nan kè moun, epi kote otorite sivil ak relijye, patriyach, pwofesè, elèv, jèn ak tout sektè nan sosyete a jwenn chans rankontre epi selebre ansanm.

Se nan kalite rasanbleman sa yo nou kapab apresye richès kilti nou: mizik nou, manje nou, tradisyon nou ak solidarite ki dwe ini nou youn ak lòt. Fèt patronal la se yon opòtinite pou ranfòse inite nan kominote a, mete youn lòt an valè, ankouraje komès lokal epi apresye sèvis chak moun pote nan lavi kominote a.

Se ak de bra ouvè Mairie Kòtdefè ap tann tout moun: moun ki soti nan diferan lokalite, elèv, etidyan inivèsite, pwofesè, agrikiltè, machann, antreprenè, pwofesyonèl ak tout lòt sitwayen k ap kontribye nan devlopman kominote nou an.

Yon gwo kout chapo espesyal pou madan Sara nou yo, ki travay san pran souf pou pwodui ak apwovizyone popilasyon an. Travay yo se yon eleman enpòtan nan lavi ekonomik ak sosyal kominote nou an.

Pou fini, Mairie Kòtdefè ap voye yon gwo kout chapo ak yon gwo mèsi bay tout sitwayen ki kontinye akonpaye, ankouraje epi sipòte travay administrasyon an depi li antre an fonksyon. Nou salye tout patriyòt konsekan sa yo ki, atravè aksyon yo, kontinye montre lanmou yo pou Kòtdefè ak pou Ayiti.

Nan okazyon fèt sa a, ann mete tèt ansanm nan lapriyè pou nou mande Sainte-Rose-de-Lima pou l entèsede an favè Gris-Gris, Kòtdefè ak tout peyi Ayiti.

Ke Bon Dye beni kominote nou an, pwoteje pèp nou an epi gide Ayiti sou wout lapè, inite ak pwogrè.

VIV SAINTE-ROSE-DE-LIMA!
VIV GRIS-GRIS!
VIV KÒTDEFÈ!
VIV AYITI!

Mairie de Côtes-de-Fer

Invitation officielle à la Fête Patronale Sainte-Rose de Lima de Gris-GrisÀ l’approche de la fin du mois d’août, la Mair...
21/08/2026

Invitation officielle à la Fête Patronale Sainte-Rose de Lima de Gris-Gris

À l’approche de la fin du mois d’août, la Mairie des Côtes-de-Fer est honorée de saluer la population de la commune, nos chers compatriotes de la diaspora et les visiteurs d’ici et d’ailleurs. C’est avec une immense fierté que nous vous invitons à converger vers Gris-Gris, notre première section communale, pour célébrer ensemble sa sainte patronne, Sainte-Rose de Lima.

Gris-Gris : une terre de foi, de dévotion et d’excellence académique

La section de Gris-Gris n’est pas seulement un joyau de notre géographie ou un sanctuaire de foi ; elle est aussi un phare intellectuel pour toute notre région. En effet, notre première section communale a le privilège d’abriter l’un des meilleurs lycées de tout le département du Sud-Est, Dulciné Jean Louis de Gris-Gris. Cet établissement d’élite fait la fierté de notre administration et témoigne de la rigueur, du talent et du potentiel exceptionnel de notre jeunesse.

Célébrer Gris-Gris, c’est aussi honorer cette terre de savoir qui forme les cadres et les leaders de demain.

Placée sous la protection spirituelle de la première sainte du Nouveau Monde, Gris-Gris s’est construite autour de valeurs d’espérance, de charité et de piété. Pour notre administration, cette fête patronale est l’occasion de célébrer cet héritage chrétien qui fortifie l’âme de nos citoyens.

La communauté de Gris-Gris, reconnue pour sa rigueur spirituelle et son attachement aux préceptes évangéliques, s’apprête à vivre des moments de recueillement intenses. La neuvaine préparatoire et la grande messe solennelle du 22 au 23 août 2026 seront le cœur battant de cet hommage à Sainte-Rose de Lima.

La Mairie au service de l’embellissement et de l’accessibilité de Gris-Gris

Dans le cadre des préparatifs de cette grande célébration, la Mairie des Côtes-de-Fer mène également des activités de nettoyage et d’assainissement sur certains tronçons routiers de la section de Gris-Gris. Ces interventions visent à faciliter la circulation et le transport des pèlerins et des visiteurs, tout en contribuant à l’embellissement et à la mise en valeur de cette zone qui s’apprête à accueillir de nombreux citoyens.

La Mairie tient à exprimer sa profonde gratitude à tous les généreux bienfaiteurs et partenaires qui ont apporté leur soutien et rendu possibles ces interventions. Leur contribution témoigne d’un véritable esprit de solidarité et d’un engagement concret en faveur de notre communauté. La Mairie les remercie chaleureusement pour leur confiance et leur accompagnement.

Le gardien de nos valeurs traditionnelles

Au-delà de la liturgie et des réussites académiques, la fête de Sainte-Rose est le miroir de notre identité culturelle. À Gris-Gris, les traditions se transmettent avec ferveur de génération en génération. C’est le moment de l’année où se déploie toute la richesse de notre vivre-ensemble.

La tradition de l’hospitalité : les portes des familles de Gris-Gris s’ouvrent à chaque pèlerin, incarnant la solidarité et la fraternité paysanne qui font la noblesse de notre terroir.

Le patrimoine culinaire : nos produits locaux et nos savoir-faire culinaires traditionnels seront mis à l’honneur pour régaler les visiteurs et valoriser le travail de nos agriculteurs.

La transmission générationnelle : à travers les rassemblements civiques, les contes au coucher du soleil et les musiques traditionnelles, nous resserrons les liens entre les aînés, gardiens de la mémoire, et notre jeunesse.

La Mairie des Côtes-de-Fer invite chaleureusement chaque citoyen, chaque enseignant, chaque élève et chaque pèlerin à s’approprier ces festivités dans la dignité, le respect mutuel et la joie.

Que cette fête patronale soit le ciment de notre unité communale et le moteur de notre développement local.

Gris-Gris vous attend pour honorer ses traditions, célébrer ses succès et élever ses prières.

Que Sainte-Rose de Lima bénisse Gris-Gris, protège ses habitants et veille sur toute la commune des Côtes-de-Fer.

Mairie des Côtes-de-Fer

𝐅Ê𝐓𝐄 𝐏𝐀𝐓𝐑𝐎𝐍𝐀𝐋𝐄 𝐃𝐄 𝐍𝐎𝐓𝐑𝐄-𝐃𝐀𝐌𝐄 𝐃𝐄 𝐋’𝐀𝐒𝐒𝐎𝐌𝐏𝐓𝐈𝐎𝐍 𝟐𝟎𝟐𝟔La Mairie des Côtes-de-Fer vous invite à Boucan BélierLes 15 et 16 août...
08/08/2026

𝐅Ê𝐓𝐄 𝐏𝐀𝐓𝐑𝐎𝐍𝐀𝐋𝐄 𝐃𝐄 𝐍𝐎𝐓𝐑𝐄-𝐃𝐀𝐌𝐄 𝐃𝐄 𝐋’𝐀𝐒𝐒𝐎𝐌𝐏𝐓𝐈𝐎𝐍 𝟐𝟎𝟐𝟔

La Mairie des Côtes-de-Fer vous invite à Boucan Bélier

Les 15 et 16 août 2026, la 5ᵉ Section Communale de Boucan Bélier, berceau de la Paroisse Notre-Dame de l’Assomption, accueillera sa traditionnelle Fête Patronale, grand rendez-vous religieux, culturel et communautaire de la commune des Côtes-de-Fer.

À cette occasion, la Mairie invite chaleureusement la population, les ressortissants de la commune, les pèlerins et les visiteurs à venir partager ces deux journées de foi, de fraternité et de convivialité.

Terre d’histoire et de traditions, Boucan Bélier se distingue par la beauté de ses paysages, ses rivières, la fertilité de ses terres, la richesse de son agriculture et, surtout, par l’hospitalité de sa population. C’est également une communauté dynamique où la solidarité, les valeurs chrétiennes et l’engagement de la jeunesse, notamment à travers le sport, contribuent à renforcer la cohésion sociale.

La Paroisse Notre-Dame de l’Assomption, qui accueille ces célébrations, est actuellement en cours de construction. Malgré ces travaux, la communauté demeure mobilisée afin de faire de cette fête un moment fort de foi, de rassemblement et de fraternité.

Les festivités seront ponctuées d’activités religieuses, culturelles, sportives et récréatives.

Les autorités communales, en collaboration avec les forces de l’ordre, prendront les dispositions nécessaires afin d’assurer un climat de paix, de sécurité et de sérénité durant les célébrations.

Les 15 et 16 août 2026, rendez-vous à Boucan Bélier !!

Venez célébrer Notre-Dame de l’Assomption et vivre un moment privilégié de foi, de retrouvailles et de partage au cœur des Côtes-de-Fer.

𝐋𝐚 𝐌𝐚𝐢𝐫𝐢𝐞 𝐝𝐞𝐬 𝐂ô𝐭𝐞𝐬-𝐝𝐞-𝐅𝐞𝐫 𝐬𝐨𝐮𝐡𝐚𝐢𝐭𝐞 𝐝’𝐨𝐫𝐞𝐬 𝐞𝐭 𝐝é𝐣à 𝐥𝐚 𝐛𝐢𝐞𝐧𝐯𝐞𝐧𝐮𝐞 à 𝐭𝐨𝐮𝐭𝐞𝐬 𝐞𝐭 à 𝐭𝐨𝐮𝐬.

📢 KOMINIKE OFISYÈLMeri Kòtdefè mete kominike sa a disponib pou tout popilasyon an sou lansman Maraton Solidarite a, yon ...
02/08/2026

📢 KOMINIKE OFISYÈL

Meri Kòtdefè mete kominike sa a disponib pou tout popilasyon an sou lansman Maraton Solidarite a, yon inisyativ ki vize mobilize sipò pou finanse kèk aksyon priyoritè nan domèn ijyèn ak asenisman nan komin nan.

Nou envite tout sitwayèn ak sitwayen, ansanm ak tout zanmi Kòtdefè, pou pran konesans de detay yo epi pote kontribisyon yo selon mwayen yo pou soutni inisyativ sa a ki nan enterè tout komin nan.

Ansanm, ann kontinye bati yon Kòtdefè ki pi pwòp, pi òganize ak pi solid.

📢 NÒT OFISYÈLMeri Kòtdefè mete nòt ofisyèl sa a disponib pou enfòmasyon tout popilasyon an, espesyalman komèsan yo.Nou e...
02/08/2026

📢 NÒT OFISYÈL

Meri Kòtdefè mete nòt ofisyèl sa a disponib pou enfòmasyon tout popilasyon an, espesyalman komèsan yo.

Nou envite tout sitwayen yo pou yo pran konesans de kontni nòt la epi pou yo toujou suiv sèlman enfòmasyon ki soti nan chanèl ofisyèl Meri Kòtdefè.

📢 Kominike EnpòtanMeri Kòtdefè pran angajman pou l fè tout aksyon li yo nan transparans ak responsabilite.Administrasyon...
02/08/2026

📢 Kominike Enpòtan

Meri Kòtdefè pran angajman pou l fè tout aksyon li yo nan transparans ak responsabilite.

Administrasyon minisipal la ap travay pou verifye tout enfòmasyon ak dokiman ki gen rapò ak resous piblik yo, pou garanti chak lajan sèvi nan enterè popilasyon an ak nan respè prensip bon jan gouvènans.

Transparans jodi a, devlopman demen. 🇭🇹

🇭🇹 INSTALLATION DE LA NOUVELLE COMMISSION MUNICIPALE DES CÔTES-DE-FERLa Mairie des Côtes-de-Fer informe la population qu...
01/08/2026

🇭🇹 INSTALLATION DE LA NOUVELLE COMMISSION MUNICIPALE DES CÔTES-DE-FER

La Mairie des Côtes-de-Fer informe la population que, par Arrêté en date du 2 juillet 2026, le Gouvernement de la République a procédé à la nomination de la nouvelle Commission Municipale chargée d’administrer la commune jusqu’aux prochaines élections.

La Commission est composée de :

• Carres ARÉUS – Président
• Marie Anne DELABRE – Membre
• Adline LETAILLE – Membre

Nous adressons nos sincères félicitations aux membres de cette Commission et leur souhaitons plein succès dans l’accomplissement de leur mission au service de la population.

La Mairie des Côtes-de-Fer renouvelle son engagement à œuvrer avec transparence, responsabilité et dans un esprit de collaboration pour le développement de notre commune.

Ensemble, bâtissons un avenir meilleur pour les Côtes-de-Fer. 🇭🇹

Adresse

Grand_ Rue # 120
Côtes De Fer
9220

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:00
Mardi 08:00 - 16:00
Mercredi 08:00 - 16:00
Jeudi 08:00 - 16:00
Vendredi 08:00 - 16:00

Téléphone

+50931298608

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mairie Côte-de-fer publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Mairie Côte-de-fer:

Raccourcis

Partager