10/09/2026
MERI ANSAGALÈ CHITA PALE AK DEPASE FWONTYÈ YO SOU AVNI PATENARYA YO
Prezidan Komisyon Minisipal Ansagalè a, Mesye Gesper ISAAC, ansanm ak Mesye Jean Pierre ORNIS, ki se manb komisyon an, te resevwa nan lokal Meri Ansagalè a, jedi 10 septanb 2026 la, responsab òganizasyon DEPASE FWONTYÈ YO (Beyond Borders), pou yon rankont travay ki te konsakre sou evalyasyon ak ranfòsman patenarya ki egziste ant 2 enstitisyon yo depi prèske twa (3) ane.
Nan dat 3 janvye 2024, Meri Ansagalè ak DEPASE FWONTYÈ YO te siyen yon patenarya ki vize pèmèt 2 pati yo travay ansanm pou kontribiye nan aplikasyon Plan Devlopman Kominal la, sitou nan domèn politik ak pwogram ki konsène pwoteksyon timoun kont tout fòm eksplwatasyon.
Pandan rankont sa, otorite minisipal yo ak reprezantan DEPASE FWONTYÈ YO te fè yon bilan sou travay ki deja fèt yo, idantifye kèk bezwen ak defi, epi diskite sou nouvo posibilite pou kontinye ak ranfòse patenarya a.
Tou 2 pati yo te renouvle angajman yo pou travay ansanm nan enterè komin nan, avèk yon atansyon patikilye sou pwoteksyon, byennèt ak avni timoun yo.
DEPASE FWONTYÈ YO se yon òganizasyon ki chita misyon li sou kat (4) gwo mouvman, selon responsab yo :
1. Mouvman pou libere timoun nan pratik restavèk ;
2. Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ;
3. Mouvman pou tout timoun jwenn aksè ak bon kalite edikasyon ;
4. Mouvman pou ede moun sòti nan povrete ekstrèm.
Pou Komisyon Minisipal Ansagalè a, pwoteksyon timoun se yon responsablite kolektif ki mande angajman otorite piblik yo, òganizasyon sosyete sivil la, fanmi yo ak tout lòt aktè kominotè yo.
Meri Ansagalè ap kontinye chèche konstwi patenarya stratejik ki kapab pote solisyon konkrè pou kominote a epi kreye pi bon kondisyon pou jenerasyon ki ap vini yo.
Biwo Kominikasyon Meri Ansagalè