Consulat d'Haiti à Barahona, RD

Consulat d'Haiti à Barahona, RD Información de contacto, mapa y direcciones, formulario de contacto, horario de apertura, servicios, puntuaciones, fotos, videos y anuncios de Consulat d'Haiti à Barahona, RD, Organización gubernamental, Calle Duverge #4, Barahona.

17/04/2025
NÒT PIBLIK KONSÈY PREZIDANSYÈL TRANZISYON ANNan okazyon  premye me 2024 la ki se fèt Agrikilti ak Travay, Konsèy Prezida...
01/05/2024

NÒT PIBLIK KONSÈY PREZIDANSYÈL TRANZISYON AN

Nan okazyon premye me 2024 la ki se fèt Agrikilti ak Travay, Konsèy Prezidanyèl Tranzisyon an salye tout fòs viv peyi a, an patikilye travayè latè ak travayè nan izin yo. Se avèk tristès nan kè nou, n ap komemore ane sa a fèt 1e me a akoz sitiyasyon malouk sou tout plan, espesyalman sou plan sekirite peyi a ap travèse ki jete yon pil ak yon pakèt anplwaye nan chomaj, ki kraze biznis anpil sitwayen, ogmante mizè malere nan peyi a epi sitou bare solèy lespwa pèp la.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fenk pran envestiti nan Palè Nasyonal, chwazi Prezidan ki pou kowòdone aktivite l epi pèmèt li lanse byen vit tout aksyon ak aktivite pou fè fas kare ak move lavi pèp Ayisyen ap sibi depi kèk tan. Konsèy la detèmine, ak sipò chak grenn Ayisyen, pou l reprann bak peyi a epi fè l vanse nan bon direksyon.

N ap remèsye tout patwon alawonnbadè ki refize bese bra yo, ki vle kenbe la, kinalaganach, malgre sitiyasyon malouk n ap viv la.

Eritaj Konsèy la jwenn nan lou anpil men li detèmine pou l travay san pran souf nan kad misyon l pou l fè sekirite tounen tabli nan peyi a, garanti lavi, byen ak biznis tout moun, rebay Leta fòs ak otorite pou dirije Nasyon an, rezoud diferan defi yo epi fè lavi a vin miyò chak jou pi plis pou chak Ayisyen alawonnbadè.

Ayibobo pou pèp Ayisyen!

Viv Ayiti!

Pou Konsèy Prezidansyèl la:

Edgard LEBLANC Fils
Prezidan

Dirección

Calle Duverge #4
Barahona
81000

Horario de Apertura

Lunes 09:00 - 16:00
Martes 09:00 - 16:00
Miércoles 09:00 - 16:00
Jueves 09:00 - 16:00
Viernes 09:00 - 16:00

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Consulat d'Haiti à Barahona, RD publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Compartir