24/08/2026
*Refleksyon* :
Si fòs viv nasyon espesyalman Pati Politik ki rete kole ak revandikasyon Pèp la pa fè yon chita e atann yo sou kèk bagay, Gouvènman an ap kontinye kite peyi mache janl ye a..
Ekip pouvwa sa a gen 2 *plan makab* ,pou rive atenn yon sèl objektif rete sou Pouvwa a pou plis tan posib.
*Plan 1:* Kite ensekirite a woule pou SE Pèp la ankò ki di Eleksyon pa posib..Pou yo rete plis paske SE popilasyon an kap di Eleksyon pa posib.
*Plan 2:* Fè yon Maskarad elektoral kote gen yon Beny San, anpil kadav, Eleksyon kraze..epi pati yo pral mande fok Li refet, chak pati pral diw SE yo ki genyen. Gouvènman an pral di lap refè Eleksyon, yo pral bay Sekirite..SA kap fè yo kontinye rete Sou pouvwa.
( _Yon lòt Latibonit pou Tout Moun Viv Tankou Moun_ )
*Mw panse dwe gen yon antant serye* ki pou bay yon iltimatòm Klè ak PM Alix..
*Pa egzanp;*
Nou ba Li jiska *Desanb* poul retabli Sekirite( Kreye kondisyon minimal yo)
Epi nou ba Li *jiska Avril* poul Òganize Eleksyon ..
E nou antann nou *depi dat saa pase, Se tout Pèp la ki pou al dechouke Gouvènman defakto* a..Mache Sou Primati ak Palè Nasyonal..
Sinon nap kontinye mouri jis pou politisyen isit kontinye fè Bè yo Sou do nou...
Anyen pap regle, yap masakre nou epi woule nou Nan farin !
*Si nou deside mache Tèt bese nan sa kap fèt laa* san nou pa eseye poze kèk kondisyon klè; *Se nou, pitit nou, frè,sè, Fanmi * nou kap peye sa ak san yo ki pral koule oubyen ak mizè ki pral kontinye blayi akòz kriz pòs Elektoral ki pral genyen an. . .
*Fok nou sonje Nan istwa " ère democratique* " la olye Eleksyon yo ranfose demokrasi a se pito anpire ,yo anpire kriz peyi Dayiti te deja ap Viv yo.
*Donk nou dwe pwofite de Eleksyon SA yo pou retire Ayiti Nan sal ye a*
( _Yon Lòt Latibonit pou Tout Moun Viv Tankou Moun)_