Mouvement de Solidarité pour l'avancement d'une Nouvelle Haïti

Mouvement de Solidarité pour l'avancement d'une Nouvelle Haïti Personne Morale

François Lucas Sainvil se yon palmantè angaje nan depatman Nòdwès la, ki make pasaj li sitou nan envestisman li nan sekt...
29/03/2026

François Lucas Sainvil se yon palmantè angaje nan depatman Nòdwès la, ki make pasaj li sitou nan envestisman li nan sektè edikasyon an, kote li toujou mete aksan sou nesesite pou bay jèn yo bon jan fòmasyon pou prepare lavni yo; li swiv vizyon Nelson Mandela ki te deklare “Edikasyon se zam ki pi pwisan pou devlope mond lan”, yon prensip li aplike atravè inisyativ konkrè nan kominote yo, sa ki fè anpil moun rive sinome li "Papa Edikasyon" nan Nòdwès; pandan li ap pwoche pou yon nouvo manda popilasyon an pare pou ba li, li pran angajman pou kontinye tout aksyon ki bay bon rezilta yo pandan l ap pote koreksyon nesesè kote gen feblès, pou asire yon devlopman dirab nan depatman an.

28/03/2026

Rankont kòdinasyon kominal MOSANOH nan Jan Rabèl jodi samdi 27 mas 2026 la

Je viens d’atteindre 100 followers ! Merci pour votre soutien en continu. Je n’aurais jamais pu y arriver sans votre aid...
27/03/2026

Je viens d’atteindre 100 followers ! Merci pour votre soutien en continu. Je n’aurais jamais pu y arriver sans votre aide. 🙏🤗🎉

MOSANOH byen ak bèl agreye kòm pâti politik, batay la fenk kòmanse
27/03/2026

MOSANOH byen ak bèl agreye kòm pâti politik, batay la fenk kòmanse

26/03/2026

Responsab Kominikasyon MOSANOH a, Me Fanuance HODNEY te chita pale ak Alfred Jimmy sou Forum des sport.

An nou swiv

Senatè François Lucas Sainvil kòm ansyen palmantè te toujou fè efò pou pat en enplike nan oken zak bwiganday koripsyon, ...
21/03/2026

Senatè François Lucas Sainvil kòm ansyen palmantè te toujou fè efò pou pat en enplike nan oken zak bwiganday koripsyon, li te toujou prè tou pou travay ak tout otorite lokal yo.

Fwa sa, atravè estrikti MOSANOH ap mete, li òganize pou bay depatman plis ke sa li te bay deja. MOSANOH fokis sou devlopman depatman Nòdwès la, se sak fè pati a mande tout moun mete men ansanm ak li.

Tèt kole sou chimen devlopman!

MOSANOH kòm pati politik kap travay pou mete bon jan estrikti depi plizyè ane, enskri ofisyèlman pou patisipe nan eleksy...
14/03/2026

MOSANOH kòm pati politik kap travay pou mete bon jan estrikti depi plizyè ane, enskri ofisyèlman pou patisipe nan eleksyon. MOSANOH kòm pati politik pa kwè nan kraze brize, se sak fè nou mande tout moun kontinye met men nan travay ki deja kòmanse a, yon fason pou n rive ansanm...

Tèt kole sou chimen devlopman

Mesaj espwa pati politik MOSANOH pou fanm yo nan okazyon 8 MasNan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, 8...
08/03/2026

Mesaj espwa pati politik MOSANOH pou fanm yo nan okazyon 8 Mas

Nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, 8 mas la, pati politik MOSANOH voye yon mesaj respè, rekonesans ak espwa pou tout fanm nan peyi Dayiti, espesyalman fanm nan depatman Nòdwès la. Fanm yo se poto mitan sosyete a; se yo ki pote lavi, ki soutni fanmi yo, epi ki kontribye chak jou nan devlopman kominote yo malgre anpil difikilte.

MOSANOH rekonèt kouraj, detèminasyon ak sakrifis fanm ayisyèn yo ki, chak jou, ap lite pou amelyore lavi pitit yo ak avni peyi a. Pati a kwè se pa sèlman nan pawòl pou onore fanm yo, men sitou nan aksyon konkrè ki bay fanm yo plis opòtinite nan edikasyon, nan ekonomi, nan politik ak nan tout espas desizyon yo.

Nan sans sa a, MOSANOH renouvle angajman li pou kontinye ankouraje patisipasyon fanm yo nan lavi politik ak sosyal peyi a. Pati a rete kwè yon Ayiti ki gen plis jistis, plis sekirite ak plis pwogrè ap posib sèlman si fanm yo jwenn plas yo merite nan konstriksyon avni nasyon an. Bon fèt 8 mas pou tout fanm ayisyèn yo.

Tèk kole sou chimen devlopman!

An nou tout mete men, pou n chanje peyia!

Biwo Kominikasyon MOSANOH

François Lucas Sainvil prè s*kolojikman pou patisipe nan eleksyon nenpòt lè ap gen eleksyon paske atravè ekip MOSANOH a ...
01/03/2026

François Lucas Sainvil prè s*kolojikman pou patisipe nan eleksyon nenpòt lè ap gen eleksyon paske atravè ekip MOSANOH a kap met bon jan estrikti, li konfyan sak te kòmanse yo pral kontinye

25/02/2026

Si tout palmantè nan Nòdwès te prè pou kolabore jan François Lucas Sainvil te konn fè l la, gen plis bagay ki tap fèt.

Anpil moun Nòdwès regrèt yo pat vote Senatè François Lucas Sainvil nan dènye eleksyon pou Nòdwès, men fwa sa yo di se yo...
23/02/2026

Anpil moun Nòdwès regrèt yo pat vote Senatè François Lucas Sainvil nan dènye eleksyon pou Nòdwès, men fwa sa yo di se yon sèl kout kle.

Lucas Sainvil se ra palmantè Nòdwès ki toujou tou prè popilasyon an, se ra palmantè tou ki pa janm vin nan batay ak otorite lokal yo. Depi yon bagay ap bon pou depatman, li pa bezwen konn apatenans politik moun lan pou soutni li.

MOSANOH mande tout pitit Nòdwès, mete men pandan nap korije tout sak merite korije

ANPLIS KONTRIBISYON LI NAN VOTE PLIZYÈ PWOJÈ LWA,  FRANÇOIS LUCAS SAINVVIL ANTANKE DEPITE AK SENSTÉ PAT SISPANN ENTÈVNI ...
20/02/2026

ANPLIS KONTRIBISYON LI NAN VOTE PLIZYÈ PWOJÈ LWA, FRANÇOIS LUCAS SAINVVIL ANTANKE DEPITE AK SENSTÉ PAT SISPANN ENTÈVNI POU DIVÈS REYALIZASYON NAN DEPATMAN NÒDWÈS LA.

ANPLIS SA, SE SÈL PALMANTÈ KI PAT JANM YON JOU VIN BATAY AK OKEN OTORITE LOKAL.

Nan peryòd li te Depite ak Senatè Repiblik la

Pandan Onorab François Lucas Sainvil te sèvi kòm Depite epi Senatè, li te chwazi mete devlopman Nòdwès la nan kè aksyon li, nan tèt kole ak otorite lokal yo. Travay li yo te vize bay popilasyon an aksè ak edikasyon, enfrastrikti solid, sèvis piblik, ak pwoteksyon patrimwàn istorik la. Sa ki anba yo se prèv angajman sa a.

EDIKASYON: BAZ DEVLOPMAN AN, pandan li te nan komisyon Edikasyon nan Palman, li fè demach pou :

Lycée Orius Paultre an 2007.
Anplis demach pou ouvè lise a, 8 milyon goud te mobilize pou konstwi 8 sal klas epi fè kloti a.

Lycée Stenio Vincent Pòdpe, octobre 2010

Lycée Cyrema Guerrier, Pòdpè.

Lycée François Capoix, oktòb 2006.

Lycée Dominique Salvio, Jan Rabèl.

Lycée Thomas Madiou, Kòtfè, an 2010.

Lycée Roger Riou, Latòti.

Twazyèm s*k nan Pòs Metye, Obè, Bochan ak Fwazon, pou elèv yo pa rete blo sou wout konesans.

LEKÒL NASYONAL AK AKSÈ AK EDLIKASYON

Acha teren ak konstriksyon lekòl nasyonal nan Palan, Pòdpè.

Acha teren pou Lycée Pòs Metye.

Acha teren pou lekòl nasyonal Demelis.

Demach bò kote Digicel pou konstwi lekòl nasyonal Joliver.

Lekòl nasyonal Boden.

ENFRASTRIKTI AK SÈVIS PIBLIK

Reparasyon rezo elektrik Pòdpè an 2008, pou anviwon 10 milyon goud, pou amelyore lavi chak jou sitwayen yo.

Pon sou ri Charlemagne Péralte, ak plis pase 100 mèt betonaj, ansanm ak travay sou wout Lakwa, pou fasilite s*kilasyon.

Pwojè pou te ranje sistèm dlo a nan vil Pòdpe, ki tapral vini nan yon ti tan DINEPA kap sèvi popilasyon an
Acha teren pou mache Bochan.

Acha teren pou mache Lapwent, pou soutni aktivite ekonomik lokal yo.

Pwojè wout Miryam ak twotwa nan vil la, pou yon valè 34 milyon goud.

ANSÈYMAN SIPERYÈ AK PATRIMWÀN

Demach pou mete kanpe Université Publique du Nord-Ouest à Port-de-Paix (UPNOPP) an 2011, pou jèn Nòdwès yo ka etidye lakay yo.

23 milyon goud pou amenaje Katedral Pòdpè a, yon patrimwàn istorik:
20 milyon goud pou batiman an,
3 milyon goud pou fenèt yo.

Sipò pou École Supérieure Isaac Newton (ESIN) vin legalman rekonèt.

VERITE AK TRANSPARANS
MOSANOH raple klèman:
Onorab Senatè Lucas pa t janm gen pwojè Govinda sou ri Lopital Pòdpè. Li te sèlman mande Direktè Espò nan epòk la pou bay yon pwojè pou fè swivi, men pwojè sa a pa t janm fèt.

Se youn nan ra palmantè ki pa janm nan dezakò ak otorite lokal yo, tout sa kap bon pou nenpòt komin nan depatman Nòdwès la, li toujou bay jarèt pou li akonpli. Li konn menm fè sa pou lòt komin ki nan lòt depatman.

Anplis tout bagay sa yo, François Lucas Sainvil se youn nan ra palmantè ki pa enplike nan zak bwigangay pou fè Nòdwès, sitou sila yo ki te vote l yo wont.

Senatè Lucas rekonèt gen anpil bagay ki ta dwe fèt e ki pa t fèt. Se poutèt sa li mande popilasyon Nòdwès la pou kontinye sipòte li kòm Senatè, epi sipòte tout kandida MOSANOH yo, pou fòme yon blòk solid, yon fason pou kontinye sa ki te kòmanse, epi mete depatman an sou ray devlopman.

Nap korije tout sak merite korije pou n ka avanse pi byen ...

Tèt kole sou chimen devlopman.

An nou tout mete men ansanm pou chanje Nòdwès.

Adresse

203, Rue Dumasai Estimé
Ti Port-de-Paix
HE3110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mouvement de Solidarité pour l'avancement d'une Nouvelle Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager