13/08/2026
SOU PRETÈKS NETWAYAJ
ANPIL MAJISTRA TOUNEN BOUWO MAS POPILÈ YO
Anpil majistra lage koukouwouj dèyè do chomè ki pran lari pou chèche lavi pou yo menm ak pitit yo. Pou majistra sa yo se ti machann ak anpil lòt kategori nan klas popilè yo ki responsab fatra, dlo ak labou santi, wout kraze ak lòt katastwòf kap rive tout vil nan peyi a. Kraze treto, sezi epi jete machandiz, aretasyon, kout baton, represyon nèg ak zam se prensipal fòm gè sa a pran.
Okap, Twoudinò ak Petyonvil se 3 prensipal komin kote politik kriminèl sa a ap aplike kont enterè mas popilè yo. Chèf gouvènman an te menm deplase al pote sipò li bay majistra Okap la kap fè djòb bouwo a. Aprè, majistra Okap la, Michel Saint Croix, deklare Alix Didier Fils Aimé bal lisans pou li pran mezi kap deranje popilasyon pòv la. Sa vle di li kapab atake ti machann jan li vle ak tout kalte vyolans.
Vil yo ki chaje ak ti machann, jèn fanm tankou jèn gason kap trimen anba yon solèy cho nan fè tout aktivite ki ka rapote yo degouden. Kanal yo ki bouche kòz yo pa netwaye. Pil fatra santi tribò pabò nan lari a. Pousyè, labou, konstriksyon anachik. Mòn yo ki debwaze. Lamizè ak ensekirite elatriye, se rezilta vyolans, eksplwatasyon klas dominant yo ki kenbe tout richès peyi a anba grif yo. Se rezilta chomaj, movèz kondisyon travay ak salè tibèkiloz ki pa pèmèt travayè, peyizan pòv yo viv malgre yap pete venn lèstomak yo chak jou nan travay. Se rezilta jesyon grannèg yo ak kòripsyon kap layite nan tout enstitisyon leta yo.
Eta lari a se imaj eksplwatasyon, se imaj degradasyon sèvis yo Leta pa sispann abandone. Prensipal viktim sityasyon sa a se mas popilè yo. Se chak jou sistèm kapitalis la ap ponn lamizè, pouse yon dividal jèn fanm ak jèn gason nan lari a.
Konstwi wout, konstui lopital, kreye travay ak kondisyon pou moun viv nan diyite pat janm enterese boujwa ak politisyen pa bò isit. San koutya yo te toujou kontante yo fè lajan yo nan labou ak nan kras. Jounen jodi a, se ansanm ak gang kriminèl yo pifò nan yo mare sosis yo pou depafini ak mas popilè yo.
Si se menm aktè ekonomik yo ki toujou ap domine sosyete a ak tchoul ki toujou ap mennen menm politik eksplwatasyon ak represyon an, pa gen anyen kap chanje nan kondisyon lavi mas popilè yo. Mas yo ap toujou viktim tout kalte bouwo sistèm eksplwatasyon kapitalis la ap ponn pou defann enterè laboujwazi. Inisyativ batay kap soti bò kote yo gras ak òganizasyon yo ap pemèt kondisyon lavi klas travayè a ak mas eksplwate yo chanje.