NOU Ansanm

NOU Ansanm Le parti NOU incarne l’espoir d’un renouveau haïtien, fondé sur justice, démocratie et progrès. La jeunesse et la solidarité forgent un avenir digne.

𝐆𝐨𝐮𝐯è𝐧𝐚𝐧𝐬 𝐚𝐤 𝐫𝐞𝐯𝐨𝐥𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐭𝐚𝐥Revolisyon mantal peyi a bezwen an, mande yon lòt relasyon ak pouvwa, Leta dwe pran plis r...
24/08/2026

𝐆𝐨𝐮𝐯è𝐧𝐚𝐧𝐬 𝐚𝐤 𝐫𝐞𝐯𝐨𝐥𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐭𝐚𝐥

Revolisyon mantal peyi a bezwen an, mande yon lòt relasyon ak pouvwa, Leta dwe pran plis responsabilite. Bon gouvènans se youn nan chemen k ap pèmèt nou kite move abitidenpwovizasyon kòm metòd, pou n antre nan fè planifikasyon. Soti nan bay favè pou n antre nan merit, soti nan pratik fènwa pou n antre nan transparans, epi soti nan fè abi pou n antre nan rannkont.
Yon pèp ki di li vle chanjman pa ka kontinye tolere menm pratik ki kraze enstitisyon yo. Nou dwe aprann mande rezilta, mande plan, mande verifikasyon, epi respekte règ nou vle lòt mounrespekte. Ayiti rete peyi ki gen Endèks Devlopman Imen (IDH 0.554) ki pi ba nan Amerik Latin ak Karayib la. Sa ki montre move gouvènans pa sèlman febli enstitisyon yo, men li afekte touedikasyon, lasante, revni ak kalite lavi popilasyon an. Se poutèt sa, bon gouvènans pa yonopsyon; li se yon nesesite pou rebati konfyans, ranfòse Leta epi mete peyi a sou chimendevlopman dirab. Tout sitwayen dwe vin aktè bon gouvènans lan tou, nan fason li vote, patisipe, kontwole, kritike ak sèvi kominote li.
Gouvènans nan peyi Dayiti ap fè fas ak anpil defi ki ralanti devlopman li. Feblès enstitisyon yo, koripsyon, enstabilite politik ak ensekirite diminye kapasite Leta pou bay sèvis piblik ki efikas. Anplis, mank konfyans sitwayen yo nan enstitisyon yo ak fèb patisipasyon yo nan lavi piblik la febli demokrasi a.
Pou Pati NOU, gouvènans se pa sèlman yon teknik administratif. Se yon angajman moral akpolitik pou remete Leta nan sèvis nasyon an. Se chwa pou bati enstitisyon ki dire, lidè ki rannkont, ak yon kilti politik ki mete peyi a anvan enterè pèsonèl.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐜𝐡𝐢 :

Ki chwa gouvènans ou pare pou fè depi jodi a, pou w vin yon aktè nan refondasyon mantalak enstitisyonèl peyi a?

𝗕Ò𝗡 𝗚𝗢𝗨𝗩È𝗡𝗔𝗡𝗦𝗟𝗶𝗱è𝗰𝗵𝗶𝗽 𝗮𝗸 𝗯𝗼𝗻 𝗲𝗴𝘇𝗮𝗻𝗽Pa gen bòn gouvènans san yon lidèchip ki konprann limit pouvwa ak obligasyon nan bay ...
17/08/2026

𝗕Ò𝗡 𝗚𝗢𝗨𝗩È𝗡𝗔𝗡𝗦
𝗟𝗶𝗱è𝗰𝗵𝗶𝗽 𝗮𝗸 𝗯𝗼𝗻 𝗲𝗴𝘇𝗮𝗻𝗽

Pa gen bòn gouvènans san yon lidèchip ki konprann limit pouvwa ak obligasyon nan bay bon sèvis. Yon lidè pa mezire sèlman pa kapasite li pou bay lòd, men sitou pa kapasite li pou òganize, koute, pran bon desizyon epi rann kont. Sa vle di dirije pa vle di fè sa ou vle; dirije se sèvi nan respè lalwa, prensip ak enterè kolektif.

Lidè ki pratike bon gouvènans bay egzanp nan fason yo respekte tan, pwosedi, entitisyon, bidjè ak moun. Yo pa pè kontwòl, paske yo konnen kontwòl se pa yon imilyasyon; se yon garanti kredibilite. Yo pa konfonn Leta ak byen prive, ni responsabilite piblik ak avantaj pèsonèl. Nan peyi kote entitisyon yo pi fò pase moun, konfyans sitwayen yo pi wo, envestisman yo pi estab, epi chanjman politik yo fèt ak mwens kriz.

Bòn gouvènans mande enstitisyon efikas ki solid!

Senbòl fò, lidèchip responsab, jistis, transparans, respè lalwa, patisipasyon sitwayen yo ak planifikasyon estratejik. Se lè kondisyon sa yo reyini nou kapab bati yon Leta ki estab, ki efikas, epi ki mete enterè nasyon an anvan tout lòt enterè.

Pati politik ki vle dirije dwe montre bon gouvènans anndan pwòp òganizasyon li. Li dwe genyen disiplin, transparans, merit, fòmasyon kad, metòd desizyon ak kapasite pou rann kont. Yon pati ki pa ka òganize tèt li pa ka òganize Leta. Se nan egzamp lidèchip la nouvo kilti politik la kòmanse.

𝐊𝐄𝐒𝐘𝐎𝐍 𝐏𝐎𝐔 𝐑𝐄𝐅𝐋𝐄𝐂𝐇𝐈 :

Ki egzanp gouvènans nou dwe egzije nan men tout moun ki deside pran responsabilite piblik?

𝐀𝐧𝐠𝐚𝐣𝐦𝐚𝐧 𝐚𝐤 𝐬𝐚𝐤𝐫𝐢𝐟𝐢𝐬 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐥𝐢𝐛 & 𝐟òJodi a, 14 dawout, nou komemore Bwa Kayiman, kote zansèt nou yo sou lidèchip...
14/08/2026

𝐀𝐧𝐠𝐚𝐣𝐦𝐚𝐧 𝐚𝐤 𝐬𝐚𝐤𝐫𝐢𝐟𝐢𝐬 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐥𝐢𝐛 & 𝐟ò

Jodi a, 14 dawout, nou komemore Bwa Kayiman, kote zansèt nou yo sou lidèchip Boukman ak Cécile Fatiman te ini pou rezistans kont esklavaj.

Bwa Kayiman se te yon akò pou libète ki te mennen soulèvman 22 dawout 1791, kòmansman Revolisyon Ayiti pou libète ak endepandans.

Jodi a, eritaj sa mande linite, kouraj ak angajman pou mete peyi a an premye, defann jistis, epi ankouraje travay ak solidarite.

Bwa Kayiman se eritaj nou.
Libète se eritaj nou. Avni Ayiti se responsablite nou.

𝐆𝐎𝐔𝐕È𝐍𝐀𝐍𝐒𝐤ò𝐦 𝐤𝐢𝐥𝐭𝐢, 𝐩𝐚 𝐤ò𝐦 𝐝𝐢𝐬𝐤𝐨𝐮Gouvènans pa dwe rete yon bèl pawòl nan dokiman oswa nan diskou politik sèlman. Li dwe ...
10/08/2026

𝐆𝐎𝐔𝐕È𝐍𝐀𝐍𝐒

𝐤ò𝐦 𝐤𝐢𝐥𝐭𝐢, 𝐩𝐚 𝐤ò𝐦 𝐝𝐢𝐬𝐤𝐨𝐮

Gouvènans pa dwe rete yon bèl pawòl nan dokiman oswa nan diskou politik sèlman. Li dwe vin yon kilti nan fason Leta, pati politik, òganizasyon ak sitwayen yo fonksyone. Lè bòn gouvènans vin yon abitid, règ yo pa sèlman aplike an favè yon ti gwoup, men yo respekte epi pwoteje enterè tout moun. Gouvènans se ansanm mezi ak fason yon gwoup chwazi dirije entitisyon yo pou bay rezilta.

Abitid bòn gouvènans mande metòd ak lòd. Li mande bon planifikasyon, dosye ki byen prepare, bidjè ki klè ak evalyasyon ki fèt souvan, Li chita tou, sou sèvis piblik kalifye pou mezire tout rezilta ak mekanis pou korije sa ki pap mache byen. San kilti sa a, menm bon entansyon yo ka pèdi nan enpwovizasyon, konfizyon ak gaspiyaj.

Bòn gouvènans bati sou plizyè gwo pilye tankou:

-Transparans;

-Redevabilite;

-Etadedwa;

-Ekitè, dwa moun;

-Patisipasyon sitwayen;

-Efikasite.

Se pa yon aza si peyi ki pi byen klase nan endis bòn gouvènans yo se souvan peyi ki gen pi bon kalite sèvis piblik, plis envestisman ak pi bon nivo vi.

Ann mete nou dakò

Sitwayen

Pou yon peyi avanse, chanje moun nan pòs yo pa sifi.

1- Fòk nou chanje fason pòs yo fonksyone.

2- Fòk entitisyon yo pi fò pase volonté endividyèl.

3-Fòk desizyon piblik yo baze sou done, priyorite nasyonal ak objektif ki ka mezire. Se konsa gouvènans sispann yon konsèp pou li vin yon pratik kap bay bonjan rezilta.

Se pou sa Pati politik NOU, mete sou pye plizyè modil fòmasyon pou fòme yon nouvo klas dirijan ak jèn, fanm, granmoun ak kè nan avni peyi a epi ki gen konpetans, ki kwè nan lasyans kòm zouti pou amelyore pèfòmans. Bòn gouvènans mande fòmasyon ak preparasyon ak pratik pou bay bonjan ekzamp pou tout moun ki vle kenbe abitid sa.

𝗞𝗘𝗦𝗬𝗢𝗡 𝗣𝗢𝗨 𝗥𝗘𝗙𝗟𝗘𝗖𝗛𝗜 :

Ki abitid administratif, politik ak sitwayen nou dwe chanje pou gouvènans vin yon kilti serye nan peyi a?

𝐆𝐎𝐔𝐕È𝐍𝐀𝐍𝐒 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨𝐧 𝐋𝐞𝐭𝐚 𝐬𝐨𝐥𝐢𝐝Gouvènans se fason yon sosyete òganize pouvwa, pran desizyon, jere resous piblik, epi rann k...
03/08/2026

𝐆𝐎𝐔𝐕È𝐍𝐀𝐍𝐒 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨𝐧 𝐋𝐞𝐭𝐚 𝐬𝐨𝐥𝐢𝐝

Gouvènans se fason yon sosyete òganize pouvwa, pran desizyon, jere resous piblik, epi rann kont devan sitwayen yo. Li pa menm bagay ak egzèse pouvwa sèlman. Gen moun ki ka gen pouvwa san yo pa pratike bon gouvènans ditou.

Bòn gouvènans mande bon vizyon, règ ki klè, transparans, responsabilite, kontwòl ak respè pou enstitisyon yo.

Nan reyalite peyi a, anpil kriz pa soti sèlman nan mank lajan oswa mank konpetans. Yo soti tou nan move fason desizyon yo pran, resous yo jere, enstitisyon yo respekte, ak enterè pèsonèl ki souvan pase anvan enterè kolektif.

Lè gouvènans lan fèb, Leta vin nan enpwovize, administrasyon an vin dezòdone, epi konfyans sitwayen yo diminye.

Daprè sa Bank Mondyal di, bonjan gouvènans se youn nan pi gwo faktè ki eksplike kwasans ekonomik, estabilite politik ak kalite sèvis piblik nan anpil peyi.

Sitwayen yo dwe egzije Bòn GOUVÈNANS

Bòn gouvènans pèmèt Leta sèvi olye li domine, planifye olye li reyaji, kontwole olye li tolere abi. Li bay demokrasi fondasyon li, paske demokrasi pa sèlman vote; se enstitisyon k ap fonksyone, lwa ki respekte ak dirijan k ap rann kont.

Bòn Gouvènans selon òganizasyon nasyonzini gen yon valè nòmatif epi li dwe chita sou evalyasyon.

Pou Pati NOU, bòn gouvènans lan se yon zouti fondamantal nan devlopman ak konstriksyon nouvèl Ayiti n ap kleyonnen an. Se li k ap pèmèt nou reòganize kalite lavi tout ayisyen san paspouki, k ap rann Leta sèvi enterè tout nasyon an pou rebati fyète ak diyite nou anba je tout lòt nasyon yo sou latè beni!

𝐊𝐄𝐒𝐘𝐎𝐍 𝐏𝐎𝐔 𝐑𝐄𝐅𝐋𝐄𝐂𝐇𝐈 :

Ki kalite gouvènans nou vle bati pou Leta tounen yon zouti sèvis piblik olye li rete yon espas dezòd ak privilèj?

28/07/2026

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬 𝐚𝐤 𝐫𝐞𝐯𝐨𝐥𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐭𝐚𝐥Revolisyon mantal peyi a bezwen an pa ka fèt san transparans. Paske transparans pa sèlma...
28/07/2026

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬 𝐚𝐤 𝐫𝐞𝐯𝐨𝐥𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐭𝐚𝐥

Revolisyon mantal peyi a bezwen an pa ka fèt san transparans. Paske transparans pa sèlman yon mekanis administratif, men tou, lise yon fason pou konprann pouvwa, sèvis piblik yo ak responsabiliteyo. Li mande pou nou sòti nan kilti sekrè, favè, aranjman ak enpinite, pou nou antre nan kilti verite, merit, kontwòl ak rann kont.
Yon peyi kote tout bagay fèt nan fènwa pa ka bati konfyans. San konfyans, pa gen envestisman serye, pa gen enstitisyon solid, pa gen demokrasi ki dire, epi pa gen devlopman ki ka rive lwen. Reyalite Ayiti montre sa klè: dapre « Transparency International », peyi a kenbe menm nòt 16 sou 100 depi 2024 epi li klase 169yèm sou 182 peyi nan Endèks Pèsepsyon Koripsyon an, sa ki mete l pami peyi kigen pi gwo defi nan domèn transparans. Se poutèt sa transparans se pa yon liks; li se yon nesesite pou rebati konfyans ak Leta.
Men transparans pa dwe sèlman mande nan men Leta. Sitwayen yo dwe aprann viv li tou : nan òganizasyon yo, nan kominote yo, nan pati politik yo, nan antrepriz yo ak nan fason yo jere responsabilite yo. Yon sosyete ki vle dirijan transparan dwe fòme sitwayen ki patolere manti, magouy, fo rapò, gaspiyaj ni abi konfyans.
Pou Pati NOU, transparans se yon chwa istorik. Se fondasyon bon gouvènans, chemen pou rekonstri konfyans ant pèp la ak enstitisyonyo, epi youn nan poto mitan revolisyon mantal la.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐜𝐡𝐢 𝐚𝐤 𝐚𝐧𝐠𝐚𝐣𝐦𝐚𝐧 :

Ki angajman transparans ou pare pou pran, depi jodi a, pou edebati yon kilti politik ki pi serye, ki pi jis ak ki pi responsab?

Nan dat 16 jiyè 2026, Pati NOU (Nationaux Organisés et Unifiés) te òganize yon reyinyon ak Kowòdinasyon Depatmantal Plat...
21/07/2026

Nan dat 16 jiyè 2026, Pati NOU (Nationaux Organisés et Unifiés) te òganize yon reyinyon ak Kowòdinasyon Depatmantal Plato Santral la, anba direksyon Geranès BELIZAIRE. Chita pale sa te reyini Kowòdinasyon Nasyonal la ansanm ak reprezantan uit (8) kowòdinasyon kominal sou trèz (13) ki nan depatman an. Responsab Finans pati an Fresny Honoré te fè kèk anons enpòtan ak yon prezantasyon sou ideyoloji Pati a, sitiyasyon finansyè li ak enpòtans angajman chak manm nan devlopman òganizasyon an. Anpil lòt sijè te anime deba yo.

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬, 𝐥𝐢𝐝è𝐜𝐡𝐢𝐩 𝐚𝐤 𝐟ò𝐬 𝐞𝐠𝐳𝐚𝐧𝐩Transparans pap la toutan si pa gen lidèchip ki bay bon egzanp. Yon lidè ki mande pèp...
21/07/2026

𝐓𝐫𝐚𝐧𝐬𝐩𝐚𝐫𝐚𝐧𝐬, 𝐥𝐢𝐝è𝐜𝐡𝐢𝐩 𝐚𝐤 𝐟ò𝐬 𝐞𝐠𝐳𝐚𝐧𝐩

Transparans pap la toutan si pa gen lidèchip ki bay bon egzanp. Yon lidè ki mande pèp la fè l konfyans, men ki pa vle rann kont, pa ka bati yon Leta serye. Transparans kòmanse lè moun ki gen responsabilite yo aksepte montre kijan yo deside, kijan yo jere resous piblik yo, epi kijan yo reponn devan lalwa ak devan konsyans sitwayen yo.
Lè aksyon Lidè yo klè, li bay yo plis lejitimite devan je pèp la.
Lidèchip se pa kache enfòmasyon pou pwoteje imaj. Lidèchip se gen kouraj pou eksplike, korije, rapòte, epi rekonèt sa ki dwe amelyore. Nan peyi kote dirijan yo rann kont regilyèman, konfyans sitwayen yo ogmante, enstitisyon yo vin pi solid, epi koripsyon jwenn mwens espas. Yon dirijan transparan pa pè kontwòl, paske li konnen kontwòl se pa yon atak; se yon garanti kredibilite.
Nan fonksyònman Leta, transparans lidè yo bay administrasyon an direksyon. Lè minis, direktè, majistra, palmantè, fonksyonè ak responsab piblik yo travay ak klète, entegrite ak egzanp, yo voye yon mesaj bay tout sosyete a : sèvis piblik pa fèt pou enterè pèsonèl, men pou enterè kolektif.
Yon pati politik dwe yon bon modèl tranparans!
Pati politik ki vle dirije dwe pratike transparans anndan pwòp estrikti li tou. Li dwe montre disiplin, metòd, kontwòl, merit ak responsabilite. Paske yon pati ki pa transparan nan òganizasyon li pa ka bati yon kilti transparans ni pwomèt bon gouvènans lè li rive sou pouvwa. Se pou sa NOU sèmante 7fwa 77 fwa, poun travay chak jou pou transparans la rete yon kilti nan mitan nou.

𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐜𝐡𝐢 :
Ki nivo transparans nou dwe egzije nan men yon moun ki di li vle sèvi peyi a?

21/07/2026

Adresse

17, Rue Dalencourt, Bourdon
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque NOU Ansanm publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager