13/05/2026
18 Me : Petyon-vil leve kanpe pou Drapo a.
Nan yon lespri fyète, detèminasyon ak lanmou pou peyi a, Meri Petyon-vil ap anonse patisipasyon li kòm kolaboratè nan yon gwo mobilizasyon patriyotik k ap òganize pa Jal Manno, pou make grandè fèt Drapo ak Inivèsite.
Sou tè sakre zansèt yo, 18 Me pa yon senp dat se yon senbòl batay, inite ak diyite pou pèp ayisyen an. Se nan sans sa a, yon gwo parad ak patisipasyon plis ke 15 lekòl nan komin nan ap pran lari, l ap kòmanse nan lekol kominal Guatemala a pou rive devan Meri Petyonvil la, kote pèp la pral fè tande vwa li, epi flote bikolò nou an ak fyète.
Meri Petyon-vil lanse yon apèl fò bay tout pitit komin nan, jèn kou granmoun, pou yo mete tèt yo ansanm, mache zepòl kole, pou onore Drapo nou an, kise senbòl libète nou, idantite nou, ak lespwa nou.
Se nan linyon nou pi fò !
Se ansanm nou ka bati yon komin pi solid, yon sosyete ki chita sou respè, angajman ak valè patriyotik.
Ann leve Drapo a byen wo, ann mache pou Ayiti, ann montre tout mond lan fòs ak diyite premye pèp nwa endepandan an.
Biwo Kominikasyon
Meri Petyon-vil.
Ministère de la Santé Publique et de la Population Ministère du Tourisme d’Haïti La mairie de Petion-Ville Conseil Communal De Petion-Ville Organisation internationale de la Francophonie (OIF) Bat bravo pou la jenes Chery Mackenson Sylvio Michel Joassaint Gelin Page du Ministère des Affaires Sociales - MINAS Fred Eaton UNIQ INFO Ayiti Pap Peri