02/12/2025
UCLBP franchi yon nouvo etap :
Siyati yon patenarya estratejik ant UCLBP, ak Hongyuan Construction Company Limited (HCCL).
Nan yon moman kote peyi a ap chèche nouvo solisyon pou rekonstriksyon modèn ak devlopman dirab, Unité de Construction de Logements et de Bâtiments Publics (UCLBP) fè yon pa enpòtan nan direksyon avni an. Jou ki te Lendi premye desanm 2025 lan, nan lokal enstitisyon an, enjenyè Claudy Eugène, Direktè Jeneral UCLBP, ak responsab konpayi chinwa Hongyuan Construction Company Limited (HCCL), siyen yon patenarya ki make yon nouvo vire nan politik konstriksyon modèn ak pwojè piblik yo an Ayiti.
Siyati sa a fèt nan yon atmosfè pwofesyonèl, avèk respè pou prensip transparans, konfyans ak kowoperasyon ant de enstitisyon yo. Siyati dokiman sila ouvè chemen nan plizyè domèn tankou :
• ranfòsman kapasite teknik nan konstriksyon kay ak enfrastrikti piblik,
• transfè konesans ant pwofesyonèl ayisyen ak chinwa,
• devlopman pwojè estratejik ki pral reponn a bezwen popilasyon an,
• epi kreye travay dirab nan sektè konstriksyon batiman piblik lan.
Hongyuan Construction Company Limited (HCCL) se yon konpayi entènasyonal ki genyen eksperyans nan plizyè peyi. Patenarya sa a ap pèmèt Ayiti benefisye de teknoloji avanse, metòd modèn ak apwòch ki respekte nòm entènasyonal yo.
Pou Direktè Jeneral la, enjenyè Claudy Eugène, siyen akò sa a se pa sèlman yon jès administratif :
“Se yon angajman pou n amelyore kalite sèvis leta ap ofri pèp la, pou bati site administratif lan avèk bon jan estanda, epi pou leta ayisyen reprann prezans li anba lavil lan.”
Patenarya sa make yon etap enpòtan pou UCLBP ki kontinye ap fè efò pou mete kanpe pwojè solid, modèn e vizyonè pou Ayiti. Se yon siy klè ke lavni sektè konstriksyon an kapab pi pwomèt, pi efikas, epi pi pwofesyonèl.
Yon lòt pa ki mennen Ayiti sou wout rekonstriksyon.