01/09/2026
𝐎𝐧𝐝 𝐭𝐰𝐨𝐩𝐢𝐤𝐚𝐥 #𝐎𝐓𝟑𝟖: 𝐀𝐥𝐞̀𝐭 𝐣𝐨̀𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐥𝐞𝐯𝐞!
𝐏𝐨̀𝐭𝐨𝐩𝐫𝐞𝐧𝐬, 𝟏𝐞 𝐬𝐞𝐩𝐭𝐚𝐧𝐦 𝟐𝟎𝟐𝟔.-Direksyon jeneral Pwoteksyon sivil, nan tèt kole ak Sekretarya pèmanan k ap jere risk dezas yo, anonse li retire alèt jòn (gwo lapli) nan sou depatman Lwès, Latibonit, Nò, Nodwès, Sant. Kidonk, tout peyi a retounen nan sitiyasyon nòmal li.
Malgre sa, yon tan frèt ak lòt kondisyon meteyo ka lakòz aktivite lapli nan gran Nò peyi a, nan finisman jounen an ak aswè a.
_Se poutèt sa, Direksyon jeneral Pwoteksyon sivil ansanm ak Inite idwometeyowolojik Ayiti mande popilasyon k ap viv nan zòn ki abitye inonde yo ak kote tè a pa ka kenbe dlo, tankou depatman Lwès, Latibonit, Nò Nodwès, Sant, pou yo rete veyatif lè lapli ap tonbe_