Direction Sanitaire de la Grand’Anse

Direction Sanitaire de la Grand’Anse Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Direction Sanitaire de la Grand’Anse, Membre du gouvernement, Bordes, Avenue Emile Roumer, Complexe Administratif de Jérémie, Jeremie.

La Direction Sanitaire de la Grand’Anse est l'organe du Ministère de la Santé Publique et de la Population chargé d'exécuter la politique de Santé Publique au niveau départemental.

25/08/2026
Nan kad efò k ap fèt pou rapwoche l de popilasyon an epi ranfòse edikasyon sanitè ak sante piblik nan depatman an, Sèvis...
16/08/2026

Nan kad efò k ap fèt pou rapwoche l de popilasyon an epi ranfòse edikasyon sanitè ak sante piblik nan depatman an, Sèvis Ijyèn Piblik Direksyon Sanitè Grandans (DSGA) te deplwaye yon ekip Ofisye Sanitè nan zòn Koton, nan vil Jeremi, jedi 13 out 2026 la, pou yon vizit pwoksimite ak popilasyon an.

Pandan vizit sa a, ekip la te pwofite sansibilize epi konseye plis pase 16 fanmi kote yo te pataje bon jan konsèy sou pwòpte ak bon mannyè pou evite pwopagasyon maladi transmisib yo.

👥 Ekip Ofisye Sanitè ki te mobilize:
🔹 Petit Musset
🔹 Pierre Jonathan
🔹 Valère Ronacson
🔹 Désir Odlet
🔹 Honoré Enel

Sante piblik se afè nou tout. Konpòtman nou nan zòn lakay nou se premye baraj kont maladi!

09/08/2026
SEMENN OPERATWA NAN AWONDISMAN ANZDENOSou lidèchip Minis Ministère de la Santé Publique et de la Population, Dr. Sinal B...
06/08/2026

SEMENN OPERATWA NAN AWONDISMAN ANZDENO

Sou lidèchip Minis Ministère de la Santé Publique et de la Population, Dr. Sinal Bertrand , MSPP, atravè Direksyon Depatmantal Sanitè Grandans ki gen nan tèt li Dr Boutroce Gally Pierre, ap lanse yon Semèn Operatwa pou rann sèvis chirijikal yo pi aksesib pou popilasyon an.

📍 Anzdeno : 10, 11 ak 12 dawout 2026
📍 Dame-Marie : 13, 14 ak 15 dawout 2026

Pandan semèn sa a, ap gen:

Konsiltasyon pre-operatwa;
Entèvansyon chirijikal, selon evalyasyon ekip medikal la.

Nou envite tout moun ki bezwen sèvis sa yo pou prezante yo alè nan sant sante ki konsène yo, pou yo ka benefisye de evalyasyon ak swen ki disponib.

Ansanm, ann kontinye travay pou amelyore aksè ak sèvis sante pou tout moun.

01/08/2026

Bon nouvèl pou popilasyon Zile Kayimit : Gouvènman an relanse pwojè Sant Sante a apre plis pase 14 lane blokaj

Apre plis pase 14 lane depi konstriksyon Sant Sante Zile Kayimit la te kanpe, popilasyon zile a gen yon gwo rezon pou reprann espwa. Gras ak vizyon ak angajman Gouvènman Repiblik la pou amelyore aksè ak swen sante nan tout kwen peyi a, pwojè sa a ap antre nan yon nouvo faz.

Nan mwa mas 2025, pandan yon vizit ofisyèl li te fè nan Zile Kayimit, Direktè Depatmantal Sante Grandans lan, Dr Boutroce Gally Pierre, te fè pwomès pou l pote dosye Sant Sante a devan pi wo otorite yo, epi pou l travay san pran souf pou jwenn mwayen ki nesesè pou rekòmanse konstriksyon an. Depi lè sa a, li te kontinye fè swivi dosye a ak detèminasyon, nan tèt kole ak Ministère de la Santé Publique et de la Population.

Jodi a, efò sa yo bay premye rezilta yo. Gouvènman Repiblik (Primature de la République d'Haïti ) la deja finalize chwa antrepriz ki pral rekòmanse epi kontinye travay konstriksyon Sant Sante Zile Kayimit la, yon desizyon ki tradui volonte klè otorite yo pou pote sèvis sante pi pre popilasyon ki pi lwen yo.

Pou Dr Boutroce Gally Pierre, devlopman sèvis sante nan zòn ki difisil pou jwenn aksè yo rete yon priyorite.

Direksyon Depatmantal Sante Grandans lan remèsye Gouvènman Repiblik la, anba lidèchip Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Dr Sinal Bertrand, pou sipò yo ak vizyon yo nan ranfòse sistèm sante nasyonal la. Rekòmansman pwojè Sant Sante Zile Kayimit la se yon prèv konkrè angajman otorite yo pou amelyore lavi popilasyon an epi redui inegalite nan aksè ak swen sante.

Tozya : yon van lespwa pou amelyore aksè ak swen sante nan yon zòn kote sèvis sante yo pa aksesib.Nan kad angajman Gouvè...
31/07/2026

Tozya : yon van lespwa pou amelyore aksè ak swen sante nan yon zòn kote sèvis sante yo pa aksesib.

Nan kad angajman Gouvènman an ak Ministère de la Santé Publique et de la Population pou rann sèvis sante yo pi aksesib pou tout sitwayen, Direktè Depatmantal Sante Grandans lan, Dr Boutroce Gally Pierre, ansanm ak youn nan reprezantan UNICEF ann Ayiti, Dr Barets, te vizite Sant Sante Tozya, jodi vandredi 31 jiye 2026 la, ki chita nan 4yèm seksyon komin Pestèl.

Tozya se youn nan lokalite ki pi difisil pou jwenn swen sante nan depatman an. Distans, move kondisyon wout yo ak difikilte pou deplase fè anpil fanmi oblije vwayaje pandan plizyè èdtan pou rive jwenn yon sant sante. Se poutèt sa, ouvèti sant sa a se pral yon gwo soulajman pou popilasyon an.

Vizit la te fèt pou evalye avansman travay yo epi idantifye tout ekipman ki nesesè pou sant la kapab ofri sèvis nan pi bon kondisyon, tankou sal akouchman, sèvis ijans, sal obsèvasyon ak lòt sèvis esansyèl.

Direksyon Depatmantal Sante Grandans lan kontinye travay ak patnè li yo pou fè Sant Sante Tozya a vin yon etablisman ki kapab bay sèvis sante modèn, sekirize ak aksesib pou tout popilasyon zòn nan.

Inogirasyon Sant Sante Tozya a pa lwen. Yon lòt etap enpòtan nan efò pou pote sèvis sante pi pre popilasyon ki nan zòn ki pi rekile yo.

Réception d’un nouveau lot de médicaments dans la Grand’AnseCe mercredi 29 juillet 2026, le Directeur Départemental de l...
30/07/2026

Réception d’un nouveau lot de médicaments dans la Grand’Anse

Ce mercredi 29 juillet 2026, le Directeur Départemental de la Santé de la Grand’Anse, Dr Boutroce Gally Pierre a officiellement reçu un nouveau lot de médicaments mis à la disposition du département par le Ministère de la Santé Publique et de la Population.

À cette occasion, le Dr Boutroce Gally Pierre adresse ses sincères remerciements au Gouvernement ( Primature de la République d'Haïti ) , dirigé par le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé, ainsi qu’au Ministre de la Santé Publique et de la Population, le Dr Sinal Bertrand, pour leur engagement constant en faveur du renforcement du système de santé national et pour cet appui important accordé au département de la Grand’Anse.

Cette nouvelle dotation en médicaments illustre la volonté des plus hautes autorités de l’État de garantir une meilleure disponibilité des produits de santé essentiels et d’améliorer l’accès aux soins pour les populations, notamment les plus vulnérables.

Le Dr Boutroce Gally Pierre réaffirme son engagement à assurer une gestion rigoureuse, transparente et responsable de ces médicaments, afin qu’ils soient distribués de manière équitable aux institutions sanitaires et qu’ils bénéficient aux patients qui en ont le plus besoin.

La Direction Départementale Sanitaire de la Grand’Anse renouvelle sa détermination à poursuivre, aux côtés du Gouvernement de la République et du MSPP, les efforts visant à offrir des services de santé de qualité à l’ensemble de la population.

Adresse

Bordes, Avenue Emile Roumer, Complexe Administratif De Jérémie
Jeremie

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Direction Sanitaire de la Grand’Anse publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager