Mairie de Hinche

Mairie de Hinche � La Mairie de Hinche s’engage pour une ville propre, moderne et participative au service de tous..

06/08/2026

Mention spéciale à mes nouveaux super fans ! 💎

Toussaint Pierre,
Edimix Guerrier,
Lasajesse De Dieu,
Josue Jay-c Charles,
Papuch Mathieu

05/08/2026

AVI POU POPILASYON

Administrasyon Kominal ENCH a denonse aksyon moun nou pa rive idantifye ki vin lage fatra ankò nan espas Bò Bèl Atik la, malgre gwo operasyon netwayaj ki te fèt yè a.

Yon konpòtman konsa se yon mank respè pou popilasyon an, pou travay ajan Mèri yo ak pou tout efò k ap fèt pou redrese sitiyasyon salte vil la ap fè fas ak li.

Administrasyon Kominal la lanse yon pinga bay tout moun k ap kontinye pratike zak sa yo epi mande kolaborasyon tout sitwayen ak sitwayèn pou pwoteje espas piblik yo.

Ann mete men ansanm pou yon ENCH ki pwòp, òganize ak diy pou tout moun.

Sèvis Kominikasyon
Pou Administrasyon Komina ENCH fansSoftware #

30/07/2026

Nou demare pou bon ak netwayaj yo

NÒT POU POPILASYON AN | KAMYON KONPRESIF MÈRI ENCH LA PRAL RETOUNEN SOU TEREN ANMèri Ench enfòme popilasyon an ke sèl ka...
30/07/2026

NÒT POU POPILASYON AN | KAMYON KONPRESIF MÈRI ENCH LA PRAL RETOUNEN SOU TEREN AN

Mèri Ench enfòme popilasyon an ke sèl kamyon konpresif li genyen an, ki se youn nan prensipal mwayen ki disponib pou ranmase epi transpòte fatra nan espas piblik yo, te rete an pann pandan anviwon sèt (7) mwa, akoz yon gwo pyès enpòtan ki te andomaje.

Apre plizyè demach ki te fèt pou jwenn pyès ki nesesè a epi remete kamyon an an eta, Mèri Ench gen plezi anonse popilasyon an ke pyès la finalman repare epi kamyon an pare pou reprann sèvis li.

Si Bondye vle, demen, kamyon konpresif la ap retounen sou teren an pou patisipe aktivman nan travay netwayaj ak ranmasaj fatra yo, nan objektif pou pote yon repons konkrè ak sitiyasyon fatra ki vin pi grav nan plizyè zòn nan komin nan.

Administrasyon Kominal la konprann enkyetid popilasyon an fas ak kantite fatra ki akimile nan kèk espas piblik. Se poutèt sa, li pran angajman pou mobilize sèvis konsène yo epi itilize tout mwayen ki disponib pou amelyore kondisyon sanitè yo epi retabli pwòpte nan vil la.

Mèri Ench mande popilasyon an pou kontinye kolabore, evite jete fatra nan lari, nan ravin ak nan kanal yo, epi respekte dispozisyon ki pran pou pwoteje anviwònman an.

Objektif la klè : Pwòpte Ench pou popilasyon an kapab respire yon lòt lè.

Sèvis Kominikasyon
Mèri Ench

SOLIDARITE | MÈRI ENCH KANPE BÒ KOTE FANMI KI DEPLASE YOYè madi a, Mèri Ench te fè yon enpòtan distribisyon kit alimantè...
30/07/2026

SOLIDARITE | MÈRI ENCH KANPE BÒ KOTE FANMI KI DEPLASE YO

Yè madi a, Mèri Ench te fè yon enpòtan distribisyon kit alimantè ak kit ijyenik nan plizyè sit nan komin nan ki resevwa frè ak sè nou yo ki deplase kite Mibalè ak S**o.

Delegasyon Mèri a te gen nan tèt li Mèrès Asesè Midelove Mireline Adrien, Kontab la ansanm ak Direktè Jeneral Mèri a, epi plizyè sèvis tankou Sèvis Kominikasyon, Sèvis Enspeksyon ak Polis Minisipal la.

Atravè aksyon solidarite sa a, Administrasyon Kominal Ench la renouvle angajman li pou rete pre popilasyon ki pi vilnerab yo epi pote sipò, nan limit mwayen li, bay fanmi k ap travèse moman difisil sa yo.

Inisyativ sa a montre volonte Mèri Ench pou ankouraje solidarite, fratènite ak pataj, pandan l ap kontinye mete diyite moun nan sant aksyon li yo.

Mèri Ench remèsye tout moun ak tout enstitisyon ki angaje yo pou pote soutyen bay fanmi deplase yo, epi li lanse yon apèl pou tout moun kontinye fè prèv solidarite anvè frè ak sè nou yo.

Ansanm, ann rete ini ak solidè pou nou soutni sila yo ki pi bezwen nou.

Sèvis Kominikasyon
Mèri Ench

📢 CONCOURS NATIONAL « JEUNE MAIRESSE » : UNE OPPORTUNITÉ À SAISIR !La Mairie de Hinche invite toutes les jeunes femmes d...
27/07/2026

📢 CONCOURS NATIONAL « JEUNE MAIRESSE » : UNE OPPORTUNITÉ À SAISIR !

La Mairie de Hinche invite toutes les jeunes femmes de la commune de Hinche et de l’ensemble du département du Centre, âgées de 18 à 25 ans, à participer au Concours National Jeune Mairesse, une initiative placée sous le haut patronage de la Primature et portée par le Ministère de l’Intérieur et des Collectivités Territoriales (MICT).

Vous avez des idées innovantes pour votre commune? Vous souhaitez contribuer au développement local, promouvoir un leadership féminin fort et vous engager au service de votre communauté? Cette compétition est une occasion unique de faire entendre votre voix et de mettre votre potentiel au service de la collectivité.

La Mairie de Hinche encourage vivement les jeunes femmes ambitieuses, engagées et passionnées à représenter fièrement notre commune et à démontrer le dynamisme de la jeunesse du Plateau Central.

📅 Période d’inscription : du 27 juillet au 16 août.

N’attendez pas la dernière minute! Inscrivez-vous dès aujourd’hui en utilisant le QR Code figurant sur l’affiche officielle.

Hinche compte sur vous. Faites rayonner votre talent, votre leadership et votre vision pour construire la commune de demain.

Service de Communication
Mairie de Hinche

FÈT PATWONAL KOMIN MAYISADNan kad selebrasyon fèt patwonal Komin Mayisad, Mèri Ench te reponn prezan atravè yon delegasy...
26/07/2026

FÈT PATWONAL KOMIN MAYISAD

Nan kad selebrasyon fèt patwonal Komin Mayisad, Mèri Ench te reponn prezan atravè yon delegasyon ki konpoze de Mèrès Adjwen Midelove Mireline Adrien, Direktè Jeneral Mèri a, ansanm ak ekip Sèvis Kominikasyon an.

Prezans delegasyon sa a temwaye volonte Mèri Ench pou kontinye ranfòse relasyon fratènèl ak lòt kolektivite teritoryal yo, ankouraje koperasyon ant komin yo epi sipòte tout inisyativ ki valorize patrimwàn, kilti ak devlopman lokal.

Mèri Ench pwofite renouvle felisitasyon li bay otorite yo ak tout popilasyon Komin Mayisad pandan selebrasyon fèt patwonal la, pandan l ap swete yo lapè, pwogrè ak pwosperite.

Sèvis Kominikasyon
Mèri Ench

24/07/2026

Travay sa fini Nap tou travèse nan yon lot blòk

23/07/2026

Aprè plizyè tan kanpe nan travay kite Kòmanse nan vil la ebyen LAMÈRI nan tèt kole ak SNGRS épi MTPTC deside netwaye plizyè espas nan bwa blan kote manb popilasyon an te itilize pou jete fatra. Ansanm Nap travay pou kominote a satisfè

PREZANTASYON PREMYE FAZ PWOJÈ AGLDT, ATLD AK GIT NAN DEPATMAN SANT LAMèri Ench te patisipe nan seremoni prezantasyon pre...
15/07/2026

PREZANTASYON PREMYE FAZ PWOJÈ AGLDT, ATLD AK GIT NAN DEPATMAN SANT LA

Mèri Ench te patisipe nan seremoni prezantasyon premye faz aplikasyon Pwojè Sipò pou Gouvènans Lokal ak Devlopman Teritoryal (AGLDT), ansanm ak lansman operasyonèl Ajans Teknik Lokal Depatmantal (ATLD) ak Gichè Envestisman Teritoryal (GIT). Se yon inisyativ Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT) ansanm ak Federasyon Nasyonal Majistra Ayiti (FENAMH), avèk sipò plizyè patnè teknik ak finansye.

Pwojè sa a gen pou objektif ranfòse kapasite kolektivite teritoryal yo, amelyore planifikasyon ak gouvènans lokal la, bay sipò teknik pou komin yo, epi fasilite idantifikasyon, kowòdinasyon ak finansman pwojè devlopman ki kapab pote rezilta konkrè pou popilasyon an.

Delegasyon Mèri Ench la te konpoze de Mèrès Asesè Midelove Mireline Adrien ak Responsab Kominikasyon Mèri Ench la. Majistra Komin Mibalè a, Mesye Lachard Lagueure, te patisipe tou nan aktivite a ansanm ak plizyè lòt majistra, reprezantan enstitisyon leta ak patnè devlopman.

Mèri Ench renouvle angajman li pou kontinye travay kole kole ak MICT, FENAMH ak tout patnè yo pou ranfòse gouvènans lokal la epi ankouraje yon devlopman dirab ki reponn ak bezwen reyèl popilasyon an.

Sèvis Kominikasyon
Mèri Ench

Adresse

15, Rue Bois Rond Tonnerre, Département Du Centre
Hinche
5110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mairie de Hinche publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager