07/06/2026
*ENA — Antant Nasyonal*
*Dyalòg Politik ak Sekirite : 2 Gwo Kle pou Sove Ayiti*
Ayiti ap travèse youn nan peryòd ki pi difisil nan listwa li. Pandan ensekirite a ap kontinye afekte lavi sitwayen yo, kestyon sou gouvènans, eleksyon ak avni demokrasi a rete sou tab la. Plizyè responsab nasyonal ak entènasyonal rekonèt li difisil pou òganize eleksyon san yon minimòm sekirite ak estabilite nan peyi a.
Nan kontèks sa a, pati politik ENA (Antant Nasyonal) kontinye kwè se atravè yon dyalòg vrèman enklizif, kote tout fòs viv peyi a jwenn plas yo, Ayiti kapab jwenn yon solisyon dirab pou kriz la.
Dyalòg la pa dwe sèlman yon rankont ant politisyen. Li dwe enplike jèn yo, fanm yo, peyizan yo, sektè prive a, òganizasyon sosyete sivil yo ak tout moun ki enterese wè peyi a reprann chemen devlopman li.
An menm tan, kestyon sekirite a dwe rete yon priyorite nasyonal. San sekirite, pa gen envestisman. San sekirite, pa gen eleksyon kredib. San sekirite, pa gen devlopman dirab. Se poutèt sa tout efò k ap fèt pou reprann kontwòl teritwa yo dwe akonpaye pa mezi sosyal ak ekonomik ki kapab bay espwa ak opòtinite pou popilasyon an.
ENA rete kwè Ayiti pa bezwen plis divizyon. Peyi a bezwen plis antant, plis dyalòg, plis vizyon ak plis lidèchip responsab. Se ansanm nou kapab bati yon Ayiti lejitim, dirab ak souvren.
*Schner Mildor*, Responsab kominikasyon depatmantal Nò ENA.