18/09/2023
Lè tèt pete, sipòte imoralite tounen yon lwa,
Avan lanjelis, konsyans tonbe plis ke sèt fwa,
A wi, vante mouche salte tounen laglwa,
Asèt sizè, bouch pe, je ap fè tè mayi tè pwa;
Ala de ka papa!
Fanm kouche anba dra mache anba,
Bèl kape deyò, anndan yo chiTa Fatra,
Jènès san mòdèl, avni nan kaka,
Po lezanj konsyans avadra;
Ala de ka papa!
Cho panno tounen la mòd,
Konbit san lizay pou lave imaj,
Tankou se dra malad Kay divinò,
Menm komè larezon pa gen laj;
Ala de ka papa!
Moralite lakay tonbe nan deblozay,
Yon reyinyon tout zannimo menm plimay,
San responsabilite tounen viktim,
Poutan, bon lakondwit pa tabak ni pim.
Ala de ka papa!
Ala de ka Fapa!