09/03/2026
Ekip Nouvèl Ayiti a gen lonè anonse piblik la ke Parti Lumière d'Haïti jwenn rekonesans legal li nan men Ministè Jistis ak Sekirite Piblik Repiblik la, aprè li te fin anrejistre depi mwa Out 2025.
Etap enpòtan sa a franchi nan dat jodi a, 9 Mas 2026. Gras ak avansman sa a, Parti Lumière d'Haïti genyen kounye a tout pyès nesesè pou li anrejistre nan (Konsèy Elektoral Pwovizwa) epi anvizaje patisipe aktivman nan pwosesis elektoral 2026 la.
Parti Lumière d'Haïti se yon inisyativ Platfòm Nouvèl Ayiti (PNA). Li reprezante prensipal zouti politik ekip Pwojè Sosyete « Nouvèl Ayiti » a pral itilize pou mobilize popilasyon an, al chèche pouvwa nan tout nivo nan pwochen eleksyon yo, epi mete baz pou bati Nouvèl Ayiti a.
a se yon vizyon sosyete kote Leta ap travay pou kreye kondisyon Byennèt pou tout moun. Depi tan Jean-Jacques Dessalines, rèv yon Leta ki vrèman nan sèvis mas popilè yo, nan sèvis enterè siperyè nasyon an, ak nan sèvis peyi a, pa janm sispann viv nan kè pèp la. Avèk ekip a, nou angaje nou pou nou fè rèv sa a tounen reyalite.
Yon lòt Ayiti posib ✊🏿🇭🇹🔥
Byennèt pou tout moun 🖤❤️
________________________
Sèvis Kominikasyon an