AJDSD Association des jeunes pour le développement Socio-culturel de Délices (AJDSD) est une Organisation..

APÈL POU KONTRIBISYON – AJDSDNan non AJDSD – Asosyasyon Jèn pou Devlopman Sosyo-kiltirèl Délices, kòm pòt pawòl òganizas...
02/12/2025

APÈL POU KONTRIBISYON – AJDSD

Nan non AJDSD – Asosyasyon Jèn pou Devlopman Sosyo-kiltirèl Délices, kòm pòt pawòl òganizasyon an, mwen kontan lanse yon apèl ouvè bay tout manm nou yo, sipòtè nou yo, zanmi kominote a, tou de an Ayiti ak lòtbò dlo.

Nou sou wout pou òganize gwo aktivite fòmasyon ak animasyon sosyo-kiltirèl ki pral fèt jeudi 25 pou rive lundi 29 desanm 2025 nan École Nationale de Délices.
Se yon opòtinite pou n bati konesans, ranfòse kapasite jèn yo, epi mete limyè nan kominote a pandan peryòd Nwèl la.

Pou reyalize pwojè sa a avèk bèl jan li merite a, nou bezwen sipò nou!

Nou envite :
✔️ Manm yo
✔️ Senpatizan yo
✔️ Pitit Délices ki Ayiti
✔️ Pitit Délices ki lòtbò dlo

pou pote kontribisyon yo jan kapasite yo pèmèt.

Nenpòt kontribisyon konte : materyèl, finans, lojistik, sipò medya, kominikasyon, oswa patisipasyon kòm volontè.
Chak jès se yon pye bwa ki vin ranfòse travay nou pou kominote a.

Nou kwè nan kapasite nou pou fè pi byen lè nou ini men nou ansanm.
Délices se lakay nou – devlopman li se responsabilite nou tout!

Pou tout kontribisyon oswa enfòmasyon, tanpri kontakte nou sou :
📌 3142-2716/3450-2407

Nan espwa resevwa repons ou, AJDSD remèsye w davans pou konfyans ak solidarite w.
Ann mete men pou fè aktivite sa a yon siksè!

Pou AJDSD,
Pòt Pawòl la – Pierre-Richard Roussainnat

AJDSD t al sipòt Phony Jean Baptiste nan lanmò papal
13/10/2025

AJDSD t al sipòt Phony Jean Baptiste nan lanmò papal

13/10/2025

Funerailles Michel Jean Baptiste

28/09/2025

AJDSD Toujours on top

Association des Jeunes pour le développement Socio-culturel de Délices (AJDSD),*Mesaj de sympathie et d’hommage*Se ak an...
14/09/2025

Association des Jeunes pour le développement Socio-culturel de Délices (AJDSD),

*Mesaj de sympathie et d’hommage*

Se ak anpil tristès nou aprann sa k pase Labodri. Nou salye kouraj ak detèminasyon tout moun ki te refize antre nan vyolans, ki te chwazi defann lavi ak diyite olye pou yo mete men nan zak mechanste. Moun sa yo se ewo, non yo p ap janm efase nan memwa nou.

Nan moman doulè sa a, nou voye tout sipò nou bay fanmi, zanmi, vwazen ak tout moun ki frape pa dram sa a. Nou la avè nou nan lapriyè, lanmou, e nan solidarite.

Nou swete pou tout moun ki pèdi lavi yo repoze an pè, e pou sakrifis yo pa al pou granmesi. Se pou verite ak jistis klere sou tout sa k pase.

Porte-parole AJDSD!

AJDSD Félicite Monsieur Wilner René pour sa prise de fonction ce Lundi 1er Septembre 2025 et encourage la transparence d...
01/09/2025

AJDSD Félicite Monsieur Wilner René pour sa prise de fonction ce Lundi 1er Septembre 2025 et encourage la transparence de toute sorte dans la commune de l'Arcahaie et croire dans la dynamique de groupes et d'organisations pour un développement durable.

AJDSD, Pour Délices, Arcahaie, Haïti!

Adresse

Arcahaie (Délices)
Arcahaie
HT6420

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque AJDSD publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager