27/04/2025
Pèp Ayisyen lè a rive, klòch la sonnen, lè a rive pou nou reveye lespri papa Desalin nan nou, lè a rive pou nou sispann kite Larouze ensekirite ap taye banda sou nou, yap touye nou, yap boule nou, yap rache nou, yap vyole nou epi gang ak vès yo, tchoul enperyalis kontinye peye ak lajan nou VIV ANSANM pou chase nou lakay nou tankou bèt sovaj.
Lè a rive, klòch la fout sonnen pou nou leve solèy kòlè nou sou tout larouze kap taye bandan sou nou.
Wi, solèy kòlè nou dwe leve sou primati a, solèy kòlè nou dwe leve sou direksyon jeneral lapolis la, solèy kòlè dwe leve lakay chak grenn gang ak vès nan konsèy prezidansyèl la ki kreye ensekirite a, nan enterè pèsonèl yo, pandan nap dòmi nan lari, nap mouri ak grangou, yo menm yap dòmi trankil, yap fete sou do nou.
Lè a rive pou idantifye vrè lenmi nou yo ki kache nan primati ak direksyon jeneral lapolis la pou nou leve solèy kòlè papa Desalin sou yo tou. Si peyi kapab yon lanfè pou nou kòm pèp, li dwe yon lanfè pou konsèy prezidansyèl la ak tout direksyon general lapolis la tou kòm gang ak vès.
Apati samdi 3 me 2025 sa, vin pran dòz solèy kòlè papa Desalin nan, nan emisyon PIKI REVOLISYON an, pou nou seche tout larouze kap taye bandan sou nou.
ALASO sou primati, ALASO sou tout gang konsèy prezidansyèl la, ALASO sou direksyon jeneral lapolis la. Paske viktwa final la se pou pèp ki chwazi pran desten na men e tout moun, tout sèktè tout politisyen ki anpeche nou manje, nou pwal anpeche yo KAKA.
Vin pran dòz solèy kòlè paw la, nan emisyon PIKI REVOLISYON an, chak jou apati de 8h nan aswè, sèt fwa si, peyi sa a dwe yon lanfè pou nou tout, obyen li se yon paradi pou nou tout.
ALASO GRENADYE